Jòb 32 - 1998 Haitian Creole

Premye koze Eliyou a

1Jòb te sitèlman sèten li te inonsan,

4Antan yo twa a t'ap pale, Eliyou te rete la san di anyen, paske yo te pi gran pase l.

5Lè li wè mesye yo pat jwenn anyen ankò pou reponn Jòb, li fè yon sèl kòlè.

6Li Jòb 15.10 pran lapawòl, li di:

— Mwen menm, se timoun mwen ye.

Se granmoun nou ye, nou menm.

Se poutèt sa, mwen te yon ti jan jennen.

Mwen te ezite antre nan koze a.

7Mwen t'ap di nan kè m: Kite granmoun pale!

Kite sa ki gen laj sou tèt yo mete bon konprann yo deyò.

8Men, Jen 2.7; 1 Wa 3.12; Jòb 33.4; 38.36; Pwo 2.6; Da 1.17; Jak 1.5 pou di vre, se lespri Bondye ki gen tout pouvwa a sèl

ki pou antre nan tèt yon moun pou ba li bon konprann!

9Se Mat 11.25; 1 Kor 1.26 pa laj ki bay moun bon konprann.

Se pa cheve blan ki fè moun konnen sa ki dwat.

10Kounyeya, mwen ta renmen nou koute m.

Kite m di nou sa m konnen sou koze a.

11Mwen tande byen tande tou sa nou di.

Mwen te louvri zòrèy mwen gran louvri pou m pa manke anyen

nan pawòl nou yo, pandan n'ap chache mo pou nou di.

12Mwen t'ap swiv sa n'ap di.

Men, yonn nan nou pa rive fè Jòb fèmen bouch li.

Nou yonn pa rive demanti mesye.

13Pa Jer 9.23 vin di m nou konprann kounye a

se Bondye ki pou reponn. Lèzòm pa kapab.

14Se avè nou Jòb t'ap pale. Se pa avè m.

Konsa, mwen pral reponn mesye yon lòt jan.

15Jòb, ou wè mesye yo pa konn sa pou yo di ou.

Yo pa jwenn anyen pou reponn ou ankò.

16Mwen t'ap tann yo. Men, kounyeya yo fèmen bouch yo.

Yo sispann pale, yo pa reponn ou.

17Atòkile, se mwen ki pral pale,

mwen pral di ou sa m konnen nan koze a.

18Mwen plen pawòl nan bouch mwen.

Si m pa pale m'a toufe.

19Pawòl Mat 9.17 ki nan tèt mwen, ou ta di yon diven k'ap fèmante.

Li prèt pou pete veso kote l ye a.

20Se Sòm 39.3 pou m pale pou m ka soulaje konsyans mwen.

Se pou m louvri bouch mwen reponn ou.

21Mwen Lev 19.15 p'ap pran defans pyès moun.

Mwen pa pral achte figi nou yonn la a.

22Mwen pa konn flate moun.

Lèfini, si m ta fè sa, Bondye ki kreye m lan ta disparèt mwen lapoula.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help