2 Makabe 4 - 1998 Haitian Creole

Simon leve dèyè Oniyas

1Men, Simon t'ap mache bay manti sou Oniyas. Se menm Simon sa a nou te wè ki te al rapòte bay Apoloniyis kantite lajan ki te nan trezò tanp lan epi ki te rale malè sou peyi a. Li pretann di se Oniyas ki te reskonsab atak yo te fè sou Elyodò a ak tout dezòd ki te fèt lè sa a.

2Nan je chèch li, li denonse Oniyas tankou yon moun k'ap fè konplo sou do gouvènman an, Oniyas nou konnen an wi ki te fè anpil byen pou lavil Jerizalèm, ki te toujou kanpe pou defann kòz jwif frè parèy li yo, epi ki te cho pou fè tout moun obeyi tout lòd leta yo.

3Travay Simon t'ap fè a sitèlman chofe, yonn nan patizan l yo, moun pa l nèt ale, rive touye moun pou sa.

4Lè Oniyas wè danje ki te gen nan batay Simon t'ap fè avè l pou pran plas li a, ak jan Apoloniyis, pitit gason Menestè a, ki te gouvènè peyi Selesiri ak peyi Fenisi, t'ap ankouraje Simon nan tout mechanste li t'ap fè yo,

5Oniyas al fè wa a yon vizit. Li pa te ale ak lide pou l te pote plent pou jwif parèy li yo. Se enterè tout jwif yo li t'ap chache, ni nan lavi pèsonèl yo chak ni nan lavi y'ap mennen yonn ak lòt nan sosyete a.

6Li te wè si wa a pa foure bouch li nan koze a, moun p'ap janm ka rive viv ak kè poze nan peyi a. Lèfini, Simon te fin pèdi tèt li, pa te gen lòt moun pase wa a pou rete li sou kous li.

Jason fè peyi a adopte mès moun peyi Lagrès yo

7Lè Selesis mouri, Antyokis yo te bay tinon Epifanès lan, moute wa nan plas li. Lè sa a, Jason, frè Oniyas la, bay lajan sou kote, epi li fè yo ba li pozisyon granprèt la.

8L'al wè wa a, epi li pwomèt pou li ba li lapoula milwisan (1.800) kilo ajan ak yon lòt demilsisankarant (2.640) kilo ajan lap peye l pita.

9Met sou sa, li pran angajman peye yon lòt senkmil (5.000) kilo ajan si wa a ba li otorite pou li bati yon jimnazyòm kote pou l bay jenngason yo levasyon dapre prensip moun Lagrès yo, lèfini pou li bay moun lavil Jerizalèm yo dwa pou yo tounen sitwayen lavil Antyòch.

10Wa a dakò pou li ba li tou sa li te mande a. Se konsa, moute Jason moute granprèt, li tanmen fòse jwif yo pou yo viv jan moun Lagrès yo viv la.

11Li met sou kote tout privilèj ansyen wa yo, nan bon kè yo, te bay jwif yo, gremesi Jan, papa Epolèm, ki te al plede pou yo. Epolèm sa a se nonm yo te voye al siyen yon kontra zanmitay ak tètansanm ak chèf lavil Wòm yo. Jason aboli tout prensip lavi dapre lalwa Bondye a, epi li vini ak yon bann lòt prensip ki pa te dakò ak lalwa a.

12San pèdi tan, li bati yon jimnazyòm nan pye mòn sitadèl la, epi li ankouraje jenngason ki pi anfòm yo pou yo vin aprann fè egzèsis nan jimnazyòm lan.

13Se konsa, avèk mechanste san parèy Jason an, yon nonm ki pa t'ap sèvi Bondye epi ki te yon fo granprèt, mès moun peyi Lagrès yo gaye toupatou nan peyi a, lamòd moun sa yo te fin anvayi peyi a nèt.

14Ata prèt yo te pèdi tout chalè yo pou fè sèvis yo sou lotèl la, yo pa te enterese al nan tanp lan ankò, yo te pote neglijans nan fè ofrann bèt pou touye yo. Men, depi klòch la sonnen, yo t'ap kouri prese al nan egzèsis lalwa a te defann moun fè, pou ede bay lwil pou fè masaj la.

15Yo pa te pran sa ki te fè lonè peyi a pou anyen ankò. Yo te pito kouri dèyè bagay moun peyi Lagrès yo te bay anpil valè.

16Se poutèt sa menm, yo mete tèt yo nan tout pwoblèm sa yo: moun yo t'ap chache chare nan tou sa y'ap fè yo, moun yo te vle sanble yo, se yo menm ki te tounen pi gwo lènmi k'ap toupizi yo.

17Paske lè ou pa respekte lalwa Bondye a, pa konprann ou p'ap peye pou sa. Se sa rès istwa a pral fè nou wè.

Lavil Jerizalèm sou reny Jason

18Lè sa a, se lavil Tir yo t'ap fè gwo konkou yo fè chak senkan pou atlèt yo. Wa a te la pou fèt yo.

19Jason, nonm repinyan an, voye detwa moun lavil Jerizalèm pou reprezante lavil la. Mesye sa yo te fè pati gwoup sitwayen lavil Antyòch yo. Jason te ba yo venndemilsenksan (22.500) liv ajan pou peye yon ofrann bèt pou yo te fè touye pou Ekil. Men, mesye yo te bay pote lajan an pa te kwè se te yon bon bagay pou yo te sèvi ak lajan an pou fè ofrann bèt pou touye pou zidòl la. Yo deside fè lòt bagay avè l.

20Se konsa lajan Jason te voye pou fè ofrann bèt pou yo touye pou Ekil la, mesye ki t'ap pote lajan sa a sèvi avè l pou fè fè gwo batiman lagè ak twa ranje zaviwon chak bò.

21Lè Antyokis voye Apoloniyis, pitit gason Menestè a, nan peyi Lejip tankou delege pou asiste seremoni enstalasyon wa Filometò sou fòtèy li a, li vin konnen Filometò sa a pa te dakò ak politik li t'ap mennen an. Lè sa a, li konmanse pè, li wè danje pou peyi ki anba kòmandman li yo. Se konsa li desann lavil Jope, li rive lavil Jerizalèm

22kote Jason ak moun lavil yo fè bèl resèpsyon pou li, yo limen gwo flanbo, yo t'ap rele viv pou li. Apre sa wa a pati, l'al moute kan lame a nan peyi Fenisi.

Menelas koupe zèb anba pye Jason

23Twazan apre sa, Jason voye Menelas, frè Simon nou te wè pi wo a, al pote yon lajan bay wa a, anmenmtan pou li regle ak wa a kèk zafè ki pa te kapab tann ankò.

24Men, Menelas parèt devan wa a tankou si li te yon grannèg respektab ak anpil otorite sou li. Wa a pran nan jwèt la. Menelas ofri pou l ba li venndemilsenksan (22.500) liv ajan an plis sou sa Jason te pwomèt ba li a. Se konsa li fè wa a ba li pozisyon granprèt la.

25Li tounen nan peyi a ak lèt kote wa a te nonmen l granprèt. Men, li pa te gen okenn kalite pou li te merite grad granprèt la. Li te gen tanperaman yon diktatè san pitye. Lè li move ou ta di yon bèt nan bwa.

26Konsa, Jason ki te koupe zèb anba pye pwòp frè li, Oniyas, yon lòt moun vin koupe zèb anba pye li kounyeya. Li blije kouri al kache nan zòn peyi Amon an.

27Menelas menm, depi wa a te fin ba li grad granprèt la, li pa janm peye senk kòb nan lajan li te pwomèt wa a,

28atout Sostrat, kòmandan ganizon sitadèl la, te toujou ap mande l pou l peye paske se li menm, Sostrat, ki te reskonsab ranmase lajan pou wa a. Se rezon sa a kifè wa a fè rele tou de mesye yo pou yo vin jwenn li.

29Se konsa Menelas kite Lizimak, frè li, pou kenbe plas granprèt la pou li. Sostrat menm kite Kratès, chèf kòmandman sòlda peyi Chip yo, pou dirije nan plas li pandan li menm li ta pral wè wa a.

Andwonikis ansasinen Oniyas

30Antan sa t'ap pase konsa yon bò, moun lavil Tas ak moun lavil Malòs yo bò pa yo revòlte paske yo te fè Antyokida, metrès wa a, kado de lavil sa yo.

31Wa Antyokis prese pati al regle zafè a. Li kite Andwonikis, yonn nan gwo zotobre yo, pou ranplase l.

32Menelas mete nan tèt li se te yon bèl okazyon pou li. Li vòlò detwa nan veso an lò ki te nan tanp lan, li fè Andwonikis kado. Li pran lòt veso, li vann yo lavil Tir ak nan lòt lavil nan vwazinay yo.

33Lè Oniyas pran nouvèl la nan bon ti gode, l'al mete kò l nan jaden repozwa Dafne a, toupre lavil Antyòch, kote moun pa gen dwa fè l anyen, epi li denonse sa Menelas te fè a.

34Lè Menelas wè sa, l'al jwenn Andwonikis an kachèt, epi li chache pran tèt li pou li touye Oniyas. Andwonikis al jwenn Oniyas pou li pran l sou plan. Li di l bonjou, li fè sèman li p'ap kite anyen rive l. Atout Oniyas te yon jan sispèk, Andwonikis pran tèt li pou fè l kite jaden repozwa a. Sòti Oniyas sòti, Andwonikis pa respekte lalwa, li touye l tèt kale.

35Poutèt sa li fè a se pa jwif yo ase ki te boulvèse epi ki te fache pou jan li te touye Oniyas san rezon an. Te gen anpil moun lòt nasyon tou ki te move pou sa.

36Konsa, lè wa a tounen sòti peyi Silisi, jwif lavil Antyòch yo al jwenn li pou fè l konnen jan yo pa te kontan pou gwo krim ki te fèt lè yo te touye Oniyas la. Anpil moun lòt nasyon pa te dakò tou pou krim sa a.

37Sa te fè Antyokis lapenn anpil, li vin gen pitye pou Oniyas. Dlo kouri nan je l lè li chonje jan defen an te gen konprann, jan li te poze nan tou sa l'ap fè.

38Li fè yon sèl kòlè, li wete bèl rad wouj vyolèt la sou Andwonikis, li mete mesye toutouni. Li fè yo pwonmennen l konsa nan tout lavil la jouk li rive kote, san respè pou Bondye, li te touye Oniyas la. Rive la, Antyokis fè yo touye ansasen sanginè an. Se konsa Granmèt la te pini Andwonikis pou sa l te fè a, jan li merite l la.

Lizimak mouri

39Lizimak bò pa li, avèk konsantman Menelas, frè li, derespekte tanp Bondye a, li vòlò anpil bagay ki te ladan l. Lè nouvèl la konmanse gaye, pèp la leve dèyè Lizimak. Men, lè sa a anpil an lò te gentan disparèt.

40Lè Lizimak wè jan foul moun yo te move anpil sou li, sitèlman li pa te ka kontwole yo ankò, li pran twamil (3.000) gason, li mete zam nan men yo epi li ba yo lòd atake moun yo anvan pou kraze yo. Chèf twamil sòlda yo te rele Oranòs, yon moun ki te fin granmoun epi ki te fin pèdi tèt li tou.

41Lè jwif yo wè Lizimak t'ap mache sou yo pou vin atake yo, yon pòsyon ranmase wòch, yon lòt pòsyon pran bout bwa, yon twazyèm pòsyon pran sann dife sou lotèl ki nan lakou tanp lan, epi yo voye yo an dezòd sou Lizimak ak moun pa l yo.

42Yo touye de twa nan moun Lizimak yo, yo blese anpil. Tout rès yo kouri met deyò. Yo mete men sou Lizimak ki te derespekte Tanp Bondye a, yo touye l toupre chanm trezò Tanp lan.

Menelas ap fè mannigèt pou li pa pèdi pozisyon li

43Lè sa a, yo rele Menelas nan tribinal pou jije l sou sa ki te pase a.

44Lè wa a desann lavil Tir, gran konsèy jwif yo ki lavil Jerizalèm voye twa moun al plede kòz yo devan wa a.

45Lè Menelas wè li ta pral pèdi pwosè a, li pwomèt Toleme, pitit gason Dorimèn lan, yon bèl lajan si li rive pran tèt wa a pou wa a ba li rezon.

46Toleme sòti ak wa a sou gwo galeri a tankou pou y'al pran yon ti frechè, epi li pale ak wa a jouk li fè l chanje lide sou pwosè a.

47Se konsa, wa a deklare Menelas, nonm ki te lakòz tout malè sa yo, inonsan, li di tout plent yo te fè sou li yo se manti. Lèfini, li kondannen twa mesye yo pou yo mouri. Si se te devan moun peyi Sit yo mesye yo te al plede kòz yo, yo ta sòti inonsan.

48Se konsa moun ki te pale pou pran defans lavil Jerizalèm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, ansanm ak veso yo te mete apa pou sèvis Bondye yo, se yo menm ankò yo touye lapoula san respè pou lalwa.

49Te gen moun nan lavil Tir ki te estonmake anpil devan kalite mechanste sa a. Se konsa yo fè bèl lantèman pou mesye yo.

50Men, lapeti grannèg ki renmen lajan yo, Menelas rete nan pozisyon granprèt li a, chak jou li t'ap vin pi mechan. Se te pi gwo lènmi jwif parèy li yo te genyen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help