Ezayi 37 - 1998 Haitian Creole

Ezekyas mande Ezayi konsèy(2 Wa 19.1-17; 2 Kwonik 32.20-23)

1Lè wa Ezekyas tande pawòl sa yo, li chire 2 Wa 19.1-37 rad sou li sitèlman sa te fè l lapenn, li mete yon rad sak sou li, epi l'al nan Tanp Senyè a.

2Li voye Elyakim, chèf moun k'ap travay nan palè a, ak Chebna, sekretè a, ansanm ak chèf prèt yo bò kote pwofèt Ezayi, pitit Amòz la. Yo tout te gen rad sak sou yo.

3Men Eza 22.5; Oze 13.13 mesaj Ezekyas te ba yo pou Ezayi:

— Jodi a se yon jou malè pou nou! Bondye ap pini nou. Se yon wont pou nou. Nou tankou yon fanm ansent ki kaselèzo deja, men ki pa gen fòs pou pouse pitit la.

4Wa Eza 1.9 peyi Lasiri a te voye chèf gad palè li a manke Bondye vivan an dega. Se pou Senyè a, Bondye ou la, tande tout jouman sa yo. Se pou l pini moun ki di pawòl sa yo. Ou menm, se pou ou lapriyè pou rès moun pèp nou an ki vivan toujou.

5Moun wa Ezekyas yo al jwenn Ezayi.

6Men repons Ezayi ba yo pou wa Ezekyas:

— Men sa Senyè a voye di ou: Ou pa bezwen pè tout pawòl ou tande yo, tout jouman moun wa Lasiri yo di sou mwen.

7Mwen Eza 19.14; 37.38 pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l. Rive li rive, m'ap fè touye l.

Lasiri voye lòt mesay bay Ezekyas(2 Wa 19.18-19; 2 Kwonik 32.17-19)

8Chèf gad palè a te vin konnen wa Lasiri a te pati kite Lakis pou l te al atake lavil Libna. Se la l'al jwenn wa a.

9Paske Eza 20.5 wa a te pran nouvèl Tiraka, wa peyi Letyopi a, t'ap moute vin atake l. Wa a voye lòt mesaje ankò bò kote Ezekyas.

10Li Eza 36.14 di yo:

— Men mesay n'a bay Ezekyas, wa Jida a, pou mwen. Ou mèt tande Bondye ou la, Bondye ou fè konfyans lan, di ou Jerizalèm p'ap tonbe nan men wa Lasiri a, pa kite l twonpe ou.

11Ou te pran nouvèl sa wa Lasiri yo te fè tout lòt peyi yo. Yo te sòti pou detwi yo nèt. Atò, se ou menm ki pou ta chape anba men m!

12Lè Eza 36.18,19 zansèt mwen yo te touye dènye moun nan lavil Gozan, lavil Aran, lavil Rezèf ak moun Betedenn yo ki rete lavil Tèlasa, eske bondye nasyon sa yo te delivre yo?

13Kote wa lavil Amat la, wa lavil Apad la, wa lavil Sefarayim lan, wa lavil Ena ak wa lavil Iva?

14Ezekyas pran lèt la nan men mesaje yo, li li l. Apre sa, li pati al nan Tanp lan, li mete lèt la devan lotèl Senyè a.

15Epi li vire bò Senyè a, li lapriyè, li di l:

16— Senyè Egz 25.22 ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fòtèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a.

17Panche Da 9.18 zòrèy ou, Senyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute tou sa Senakerib voye di pou manke Bondye vivan an dega.

18Nou Eza 10.13,14 konnen, Senyè, wa peyi Lasiri yo te fini ak anpil nasyon, yo te detwi peyi yo.

19Yo te boule tout bondye yo paske se pat bondye yo te ye. Se estati fèt an bwa ak wòch moun te fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo.

20Kounyeya, Senyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Senyè, ki Bondye.

Ezayi voye repons Bondye bay Ezekyas(2 Wa 19.20-37)

21Lè sa a, Ezayi, pitit Amòz la, voye mesay sa a bay Ezekyas.

— Ou te lapriyè Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou.

22Men pawòl Senyè a di sou li:

Senakerib, lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib.

Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou.

23Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa?

Sou ki moun ou pale fò konsa?

Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.

24Ou Eza 8.7,8; 14.8 voye moun ou yo vin manke Bondye dega.

Ou deklare: O wi, avèk tout kantite cha lagè m yo,

mwen moute sou tèt tout mòn

ata sou mòn Liban an.

Mwen koupe pi gwo pye sèd li yo, pi bèl pye sikren li yo,

mwen rive jouk anwo nèt sou tèt li,

nan mitan rakbwa li yo ki tankou bèl jaden.

25Mwen fouye pi nan peyi moun lòt nasyon yo, mwen bwè dlo.

Mwen cheche dlo nan tout larivyè Lejip yo

pou sòlda mwen yo pase san pye yo pa mouye.

26Ou pat konnen gen lontan depi mwen te fè lide pou tou sa te rive?

Gen lontan depi sa te nan tèt mwen?

Kounyeya, mwen kite sa rive,

pou ou te ka kraze tout lavil ak ranpa yo pou fè yo tounen yon pil demoli.

27Moun ki te rete la yo te san fòs.

Yo te pè, yo pat konn sa pou yo fè.

Yo te tankou raje nan jaden, tankou zèb gazon,

tankou raje k'ap pouse sou do kay,

tankou pye mayi ki cheche anvan li mete zepi.

28Mwen konnen lè ou leve,

mwen konnen lè ou chita.

Mwen konnen lè ou sòti,

mwen konnen lè ou antre.

Mwen konnen lè ou fin anraje sou mwen.

29Kounyeya, mwen Eza 30.28; Am 4.2 vin konnen jan ou move sou mwen,

jan ou vin awogan.

Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou,

ak yon mò nan bouch ou.

Mwen pral fè ou pran

menm chemen ou te pran pou vini an pou ou tounen.

30Apre sa, Ezayi di wa Ezekyas konsa:

— Men sa ki pral sèvi yon siy pou ou. Lanne sa a, n'a manje rès grenn ki te tonbe atè. Lanne k'ap vini apre sa a, n'a manje grenn nou pat plante. Men, apre sa ankò, n'a ka plante, n'a ka fè rekòt. N'a plante pye rezen, n'a manje rezen.

31Rès Eza 27.6 moun peyi Jida ki va chape yo va pran pye ankò. Y'a kanpe ankò.

32Va Eza 9.7 gen yon ti rès moun nan lavil Jerizalèm

ak sou mòn Siyon an ki va chape.

Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki sòti pou fè sa,

paske li renmen ou anpil.

33Men sa Senyè a di sou wa peyi Lasiri a:

Li p'ap mete pye l nan lavil sa a.

Li p'ap gentan voye yon sèl grenn flèch sou li.

P'ap gen yon sèl sòlda ak plak pwotèj k'ap pwoche bò kote l.

Ni yo p'ap fouye twou pou sènen l.

34Chemen li te pran pou l vini an,

se li menm l'ap pran pou l tounen.

Li p'ap mete pye l nan lavil sa a.

Se mwen menm, Senyè a menm, ki di sa.

35M'ap 2 Wa 20.6; Eza 31.5 pwoteje lavil sa a,

m'ap delivre l pou m fè respè tèt mwen,

pou m kenbe pwomès mwen te fè David, sèvitè m lan.

36Zanj Eza 14.25; 31.8 Senyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.

37Senakerib, wa peyi Lasiri a, leve, li pati. Li tounen lavil Niniv.

38Yon jou, antan wa a t'ap fè sèvis nan tanp Niswòk, bondye li a, de nan pitit gason l yo touye l ak nepe yo, epi yo kouri al kache nan peyi Arara. Yo te rele Adramelèk ak Sarezè. Se yon lòt nan pitit gason l yo ki te rele Asaradon, ki te vin moute wa nan plas li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help