Jidit 13 - 1998 Haitian Creole

Jidit koupe tèt Olofèn

1Lè konmanse fè ta, gwo chèf ki t'ap sèvi ak Olofèn yo prese al fè wout yo. Bagoas fèmen pòt tant lan sou deyò. Li fè tout moun ki te la yo sòti, y'al moute kabann yo paske yo te kraze anba kantite gwòg yo te bwè.

2Yo kite Jidit pou kont li anba tant lan ansanm ak Olofèn ki te blayi sou kabann li, li te sou kou sa n pa konnen.

3Jidit te mande gouvènant li an pou li te rete deyò devan chanm lan ap tann li sòti, paske, tankou lòt jou yo, li te gen pou l te sòti al lapriyè. Li te di Bagoas menm bagay la tou.

4Lè tout moun fin sòti, pa te rete pèsonn nan chanm lan pase Jidit ak Olofèn. Jidit al kanpe bò kote kabann Olofèn lan, epi li lapriyè nan kè l, li di konsa:

— Granmèt, Bondye ki gen tout pouvwa, voye je ou sou sa mwen pral fè la a pou sa ka sèvi yon lwanj pou lavil Jerizalèm,

5paske lè a rive pou ou fè kichòy pou defann kòz pèp ou chwazi pou rele ou pa ou la, pou sa mwen pral fè a ka tounen yon wont pou lènmi ki te leve dèyè nou yo!

6Epi li vanse bò tèt kabann Olofèn lan, li pran gwo nepe plat li a,

7li pwoche bò kabann lan, li pran Olofèn nan cheve, epi li di:

— Granmèt, Bondye pèp Izrayèl la, ban m fòs jòdi a!

8Epi li ba li de kout nepe ak tout fòs nan kou, li koupe tèt la sèk.

9Apre sa, li woule kò a atè sot sou kabann lan. Li wete moustikè a sou tèt poto yo. Li vlope tèt Olofèn lan byen vlope ladan l. Lèfini, li sòti, li bay gouvènant li an tèt Olofèn lan. Gouvènant lan mete l nan sak manje a.

10Lè sa a, de medanm yo sòti jan yo te toujou konn fè l pou yal lapriyè a. Lè yo fin pase nan mitan kan moun peyi Lasiri yo, yo pran fon an, yo moute nan mòn yo jouk yo rive douvan pòtay lavil Betoulya a.

11Yo pa t'ankò fin rive nèt douvan pòtay yo lè Jidit rele mesye ki t'ap fè pòs anwo pòtay la, li di yo konsa:

— Louvri pòtay la, louvri pòtay la! Bondye nou an kanpe la avèk nou toujou. Jòdi a li fè nou wè fòs kouray li nan mitan pèp Izrayèl la, li sèvi ak pouvwa li pou li kraze lènmi nou yo!

12Lè mesye yo tande vwa Jidit, yo kouri desann bò pòtay la, yo fè rele chèf lavil yo.

13Lè sa a, tout moun, timoun kou granmoun, kouri vin nan pòtay la. Pèsonn pa te vle kwè Jidit te tounen vre. Yo louvri pòtay la pou li ansanm ak gouvènant li an, yo resevwa yo. Apre sa, yo limen yon dife pou bay limyè, epi yo fè wonn bò de medanm yo.

14Jidit rele byen fò, li di konsa:

— Lwanj pou Bondye! Fè lwanj Bondye! Lwanj pou Bondye ki pa refize gen pitye pou pèp Izrayèl la! Jounen lannuit sa a li sèvi ak men mwen pou l kraze lènmi nou yo.

15Lè sa a, li wete tèt la nan sak manje a, li moutre pèp la li. Li di yo konsa:

— Men tèt Olofèn, jal kòmandan lame peyi Lasiri a. Men moustikè ki te sou tèt kabann li kote li te blayi tou sou gaga a. Granmèt la sèvi ak yon fanm pou touye l.

16Mwen pran Granmèt la sèvi m temwen, jan nou konnen l vivan an, mwen fè sèman Olofèn pa janm leve men sou mwen, atout li te tonbe pou bèl fanm mwen ye a. Li pa fè m anyen pou fè m wont. Granmèt la te toujou la ap veye m kote m pase.

17Tout moun lavil la te sezi, yo bese tèt yo jouk atè, yo adore Bondye, yo lapriyè ansanm. Yo di konsa:

— Bondye nou, ou merite vre pou yo fè gwo lwanj pou ou dèske jòdi a ou genyen batay la sou lènmi pèp ou a.

18Ozyas di Jidit konsa:

— Jidit mafi, Bondye ki gen tout pouvwa a pa manke beni ou. Li beni ou pi plis pase tout lòt fanm sou latè. Lwanj pou Bondye sèl Mèt la, li menm ki kreye syèl la ak latè a. Li te pran men ou pou ou te ka koupe tèt pi gwo chèf lènmi nou yo.

19Chak fwa moun va chonje sa Bondye fè ak fòs kouray li a, yo pap janm bliye konfyans ou te gen nan Bondye.

20Se pou Bondye fè yo toujou nonmen nou ou an byen pou sa ou fè a. Se pou l ba ou anpil benediksyon paske ou pa te pè mete lavi ou an danje pou ou te ka leve tèt pèp ou a. Men, ou te kenbe bak ou dwat devan Bondye nou an, ou te kanpe pou tire revanj pou nou menm ki te fin tonbe nèt la.

Epi tout pèp la reponn:

— Se sa menm! Se sa menm!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help