Jidit 4 - 1998 Haitian Creole

Moun Izrayèl yo ap pare tann Olofèn

1Moun pèp Izrayèl ki rete nan peyi Jide yo te vin konnen tou sa Olofèn, kòmandan lame Nebikadneza, wa peyi Lasiri a, te fè lòt nasyon yo, jan li te piye tout tanp yo, ak jan li te fè kraze yo apre sa.

2Poutèt Olofèn, yo te pè anpil anpil. Yo t'ap viv ak kè sote pou lavil Jerizalèm ak pou tanp Granmèt la, Bondye yo a.

3Pa te gen lontan depi yo te tounen sòti nan peyi kote yo te depòte yo a. Yo te fenk konmanse ap viv ansanm ankò nan peyi Jide a. Yo te sètoblije fè gwo sèvis pou mete tanp lan, lotèl la ak tout lòt bagay ki nan tanp lan apa pou Bondye ankò paske yo te derespekte yo.

4Se konsa, yo voye avèti moun nan tout zòn Samari a, lavil Kona, lavil Bètowon, lavil Bèlmayin, lavil Jeriko, lavil Choba, lavil Ayisora ak nan Ti Fon Salèm lan.

5Yo mete moun sou tout tèt mòn yo ap veye, yo bati miray ranpa pou pwoteje ti bouk nan mòn yo, yo ranmase pwovizyon mete nan depo pou lagè paske yo te fenk fin fè rekòt.

6Jojakim, granprèt la, ki te lavil Jerizalèm lè sa a, voye yon lèt bay moun lavil Betoulya ak moun lavil Betomestayim ki te anfas Fon Esdrelon an, lòt bò plenn ki toupre lavil Dotan an.

7Nan lèt la li di yo pou yo mete sòlda nan pas mòn ki mennen nan peyi Jide yo. Se la k'ap pi fasil pou yo bloke moun ki ta vle antre nan peyi a, paske pas yo jis anpil, kont pou de moun pase ansanm.

8Moun pèp Izrayèl yo fè tou sa Jojakim, granprèt la, ansanm ak Gran Konsèy chèf fanmi tout pèp Izrayèl ki lavil Jerizalèm yo te mande yo fè.

Pèp la lapriyè anvan lagè a

9Tout mesye pèp Izrayèl yo lapriyè byen fò ak tout kè yo nan pye Bondye. Wi, ak tout kè yo, yo lage kò yo atè devan Bondye.

10Yo mare sak nan ren yo, nan ren madanm yo ak pitit yo, nan ren bèt yo, nan ren tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo, nan ren moun k'ap travay pou lajan lakay yo ak nan ren esklav yo.

11Tout mesye pèp Izrayèl yo, madanm yo ak pitit yo ki rete lavil Jerizalèm yo al bese tèt yo jouk atè devan Tanp lan, yo mete sann sou tèt yo, yo blayi rad sak yo atè devan Granmèt la.

12Yo vlope lotèl la ak rad sak tou, epi ansanm ansanm yo pran lapriyè byen fò ak tout kè yo nan pye Bondye pèp Izrayèl la. Yo mande l pou l pa kite lènmi fè pitit yo prizonye, pati ak madanm yo, kraze lavil kote kay yo ye yo. Yo mande l pou l pa bay moun lòt nasyon yo okazyon pran plezi pou yo derespekte kote yo mete apa pou Bondye a epi pou yo pase l nan betiz.

13Bondye, Granmèt la, koute lapriyè yo, li voye je l, li wè jan yo te nan gwo lapenn. Pandan plizyè jou tout pèp la nèt, kit nan peyi Jide kit lavil Jerizalèm, t'ap fè jèn devan tanp Bondye, Granmèt ki gen tout pouvwa a.

14Jojakim, granprèt la, ansanm ak prèt yo ki kanpe devan Granmèt la ak tout lòt moun k'ap sèvi devan Granmèt la te mete sak sou yo tou lè y'ap ofri ofrann bèt chak jou pou yo boule yo, ofrann pèp la vle fè ak lòt ofrann yo fè poutèt yon angajman ve yo te pran.

15Yo mete sann sou bonèt nan tèt yo, yo lapriyè byen fò nan pye Granmèt la, yo mande l pou l gen pitye pou tout pèp Izrayèl la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help