1Pa fè sa ki mal, konsa mal p'ap rive ou.
2Rete lwen lenjistis, lenjistis p'ap vin sou ou.
3Pa simen grenn lenjistis nan jaden w'ap travay,
si ou pa vle rekòlte sèt fwa lavalè.
4Pa mande Granmèt la pou l mete ou chèf,
ni pa mande wa a pou li ba ou yon bèl pozisyon grannèg.
5Pa pran pòz mache dwat ou devan Granmèt la.
Pa pran pòz bon konprann ou devan wa a.
6Pa chache plas jij, si ou konnen ou pa gen karaktè pou dechouke lenjistis,
si ou konnen ou ka kite yon grannèg kraponnen ou.
Paske lè sa a, se ka yon pèlen pou ou, ou ka pèdi prestij ou.
7Pa fè okenn krim kont sosyete a.
Pa degrade tèt ou devan pèp ou a.
8Pa fè yon menm peche de fwa.
Yon sèl fwa kont pou yo pini ou.
9Pa di: Bondye ki anwo nan syèl la va wè tout kantite ofrann mwen fè yo.
Lè m'a mete yo devan li, l'a asepte yo.
10Pa janm sispann lapriyè.
Pa janm kite yon okazyon pase pou fè lacharite.
11Pa pase yon moun ki dekouraje ak lavi a nan betiz,
paske gen yon Bondye, se li menm ki desann yon moun atè,
se li menm ki mete yo kanpe ankò.
12Pa fè manti sou frè parèy ou.
Pa fè bagay konsa sou do zanmi ou.
13Veye bouch ou pou ou pa janm bay manti.
Si w'ap plede bay manti konsa, sa p'ap bon pou ou.
14Pa rete ap radote nan mitan chèf fanmi yo lè yo reyini.
Pa plede repete menm pawòl la lè w'ap lapriyè.
15Pa chache evite travay di ak travay jaden.
Se Bondye ki anwo nan syèl la menm ki ban nou travay sa yo pou nou fè.
16Pa fè bann ak moun k'ap plede fè peche yo.
Chonje kòlè Granmèt la ki gen pou tonbe sou ou a wè pa wè.
17Kraze lògèy ou gen nan kè ou la.
Paske tou sa k'ap tann moun ki pa respekte Bondye se dife ak vè. Rapò ou ak lòt moun
18Pa trayi yon zanmi ou pou lajan.
Pa trayi yon bon zanmi ou ki te tankou yon frè pou ou, yo te mèt ba ou tout lò peyi fi a.
19Pa kite chans ou pase pou ou marye ak yon bon madanm ki gen konprann.
Paske yon madanm konsa vo pi plis pase lò.
20Pa maltrete yon esklav ki fè travay li byen,
ni domestik ki sòti pou fè travay li.
21Renmen esklav ki gen lespri a tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
Pa derefize ba li libète li.
22Si ou gen bèt, okipe yo.
Si yo ba ou pwofi, kenbe yo.
23Si ou gen pitit, ba yo levasyon.
Depi piti, ba yo disiplin.
24Si ou gen pitit fi, veye pou yo kenbe kò yo byen.
Pa mou ak yo.
25Marye pitit fi ou, se va yon gwo travay w'a fin fè la a.
Men, marye l ak yon nonm ki gen lespri.
26Si ou gen yon bon madanm ki fè ou plezi, pa voye l tounen lakay papa l.
Men, pa fye yon fanm ou pa ka renmen.
27Respekte papa ou ak tout kè ou.
Pa janm bliye jan manman ou te soufri pou ou.
28Pa bliye se yo ki fè ou wè solèy.
Nanpwen anyen ou ka fè pou yo pou tou sa yo fè pou ou.
Prèt yo29Gen krentif pou Granmèt la ak tout kè ou. Respekte prèt yo.
30Renmen Bondye ki kreye ou la ak tout fòs ou. Pa lage moun k'ap sèvi l yo.
31Gen krentif pou Granmèt la, respekte prèt yo.
Ba yo sa ki vin pou yo dapre sa lalwa mande:
premye donn yo, ofrann bèt nou fè pou mande padon yo,
palèt bèt nou ofri pou touye yo, ofrann bèt nou fè pou di Bondye mèsi,
ak pòsyon pa yo nan tout kalite lòt ofrann nou fè pou Bondye.
Pòv yo ak moun ki nan lapenn32Lonje men ou bay pòv yo,
pou Bondye ka beni ou nèt ale.
33Lonje men ou bay tout moun.
Pa bliye ata moun ki mouri yo. Toujou renmen yo.
34Pa vire do ou bay moun ki nan lapenn.
Pran lapenn ak moun ki nan lafliksyon.
35Pa pè okipe moun ki malad.
Se bagay konsa k'ap fè moun renmen ou.
36Nan tou sa w'ap fè, chonje yon jou ou gen pou ou mouri.
Konsa, ou p'ap janm fè peche.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.