1Mwen gade gwo bòl fòm kristal ki te sou tèt Eze 1.22,26 kat kreyati vivan yo. Anwo yo, mwen wè yon bagay, ou ta di li sanble yon gwo fotèy kristal.
2Bondye Eze 9.2 pale ak nonm ki te gen rad twal fen tou blan an. Li di li konsa:
— Antre nan fant ki nan mitan wou yo, anba kreyati vivan yo. Pran yon ponyen chabon dife tou limen. Lèfini, gaye yo sou tout lavil la.
Mwen wè l'ale vre.
3Gwo 1 Wa 8.10; Eze 8.16 kreyati vivan an te kanpe bò sid Tanp lan lè li antre a. Yon gwo nyaj anvayi tout lakou anndan Tanp lan.
4Bèl Eze 1.28; 43.2 limyè Senyè a te leve anwo tèt kreyati vivan yo, l'al kanpe nan papòt Tanp lan. Nyaj la anvayi tout Tanp lan. Lakou a menm te klere ak gwo limyè prezans Senyè a.
5Yo Eze 1.24 te ka tande bri zèl kreyati vivan yo jouk nan lakou deyò a. Se te tankou vwa Bondye ki gen tout pouvwa a lè l'ap pale.
6Lè Senyè a te bay nonm rad fen blan an lòd pou li t'al pran chabon dife nan mitan wou ki anba kreyati vivan yo, nonm nan ale, li kanpe toupre yonn nan wou yo.
7Yonn nan kreyati vivan yo lonje men li nan dife ki te nan mitan yo a, li pran kèk chabon limen, li mete yo nan men nonm ak rad twal fen blan an. Nonm nan pran chabon dife a, li soti.
8Lè Eze 1.8 sa a, mwen wè kreyati vivan yo te gen yon bagay ki te sanble ak men moun anba zèl yo.
9Mwen Eze 1.15-18 gade, mwen wè te gen kat wou: yonn bò kote chak kreyati vivan yo. Wou yo te klere tankou bèl wòch koulè vèt pote sou jòn.
10Chak wou te gen yon lòt wou antravè nan mitan yo. Kat wou yo te gen menm fòm.
11Lè kreyati vivan yo t'ap mache, yo te gendwa pran nenpòt direksyon san yo pa bezwen vire. Yo te mache ansanm nan direksyon yo te vle ale san yo pa te bezwen vire.
12Yo te gen je sou tout kò yo, nan do yo, sou tout men yo, nan zèl yo. Te gen je sou tout kat wou yo tou.
13Wou Eze 10.2 yo te tankou wou mwen te wè nan premye vizyon mwen an. Mwen tande yo te rele wou yo Toubouyon.
14Chak Eze 1.6,10 gwo kreyati vivan yo te gen kat figi. Premye figi a te tankou tèt yon towo bèf. Dezyèm nan tankou tèt yon moun. Twazyèm lan tankou yon tèt lyon. Katriyèm nan te tankou tèt yon malfini.
15Se Eze 1.1,5 te menm bèt mwen te wè bò larivyè Keba a. Lè yo vole anlè,
16y'ap Eze 1.19 deplase, wou yo deplase ansanm avèk yo tou. Lè yo louvri zèl yo pou yo vole, wou yo vole ansanm ak yo tou.
17Lè Eze 1.21 kreyati vivan yo rete anplas, wou yo rete anplas tou. Lè yo vole, wou yo vole ak yo tou, paske se yo ki t'ap kontwole wou yo.
18Lè Oze 9.12 sa a, bèl limyè prezans Senyè a soti nan papòt Tanp lan, l'al kanpe anwo tèt kreyati yo.
19Yo Eze 43.2 vlouvri zèl yo. Yo vole soti sou tè a devan je m'. Epi wou yo vole ale ak yo tou. Y'al poze sou papòt pòtay Tanp Senyè a ki bay sou bò solèy leve. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anlè yo.
20Mwen Eze 1.5,22,26 rekonèt se te menm kreyati vivan mwen te wè anba Bondye pèp Izrayèl la bò larivyè Keba.
21Yo Eze 1.6,8 chak te gen kat figi, kat zèl ak yon fòm men moun anba chak zèl.
22Figi Eze 1.10,12 yo se te menm figi mwen te wè bò larivyè Keba a. Yo chak t'ap mache dwat devan yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.