Chirasid 26 - 1998 Haitian Creole

1Benediksyon pou yon mari ki gen yon bon fanm!

Poutèt madanm li, l'ap viv de fwa pi lontan.

2Yon madanm ki bon nèt ap fè kè mari l kontan.

Mari li ap viv chak jou ak kè poze jouk li mouri.

3Yon bon madanm se yonn nan pi gwo benediksyon Granmèt la ka bay moun ki gen krentif pou li.

4Mari konsa te mèt pòv, yo te mèt rich,

y'ap toujou kontan, y'ap toujou ap ri.

5Gen twa bagay ki fè m pè.

Gen yon katriyèm ki fè cheve nan tèt mwen kanpe:

Se tripotay sou moun y'ap plede repete nan tout lavil la.

Se foul moun k'ap fè dezòd.

Se mache di moun fè sa yo pa fè.

Tou sa pi mal pase lanmò.

6Men, fanm k'ap fè jalouzi pou yon lòt fanm, se gwo lapenn, se tèt chaje.

Tout malè sa yo sòti nan lang.

7Yon fanm ki mechan se tankou yon jouk bwa ki mal mare dèyè kou bèf kabwèt.

Si ou konprann ou ka kontwole l, se menm jan si ou ta vle pran yon eskòpyon nan men ou.

8Yon fanm ki bwè, se bagay ki pou fè ou fè gwo kòlè.

Li gen pou l fè bagay lèd devan tout moun.

9Ou rekonèt yon fanm ap manje kòd sou jan l'ap gade gason:

l'ap tenyen je ba yo.

10Lè ou gen yon pitit fi k'ap fè radiyès avè ou, kenbe l kout.

Nenpòt ti chans ou ba li, l'ap dòmi sou ou.

11Si ou wè li gen je chèch, veye kò ou avè l.

Ou pa bezwen sezi si ou wè l'ap derespekte ou.

12Menm jan lè yon moun k'ap vwayaje swaf dlo, li bwè nenpòt dlo li jwenn,

konsa tou, yon jennfi konsa ap kouche ak nenpòt gason li jwenn.

L'ap lage kò li bay moun li vle.

13Yon fanm ki gen bon lizay ap fè kè mari l kontan.

Si li gen dis dwèt li, zafè mari l ap mache byen.

14Yon fanm ki pa pale, se yon kado Bondye fè ou.

Pa gen pri pou yon fanm ki gen bon levasyon.

15Yon fanm ki fè respè tèt li, se yon gwo benediksyon.

Yon fanm ki pa cho, se yon gwo richès.

16Yon bèl fanm ki kenbe kay li byen,

se tankou solèy k'ap leve sou mòn Granmèt la yo.

17Yon bèl figi anwo yon kò byen kanpe,

se tankou limyè ki klere nan lanp yo mete apa pou Bondye a.

18Bèl janm kanpe sou talon pye solid,

se tankou poto lò ki chita sou sipò ajan. Bagay ki bay moun lapenn

28Gen de bagay ki ban mwen lapenn.

Gen yon twazyèm bagay menm se vire li vire bil mwen lanvè:

se sòlda ki tonbe nan mizè lè yo granmoun,

se moun lespri yo pa respekte,

se moun ki t'ap mache dwat epi ki lage kò yo nan fè sa ki mal.

Granmèt la pare dènye kalite moun sa yo pou yo mouri nan lagè.

Kòmès

29Se pa bagay fasil pou yon kòmèsan kenbe tèt anba tantasyon.

Depi yon moun ap fè trafik kòmès, se pou l mete men li nan fè sa ki mal.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help