1Apre
22Se Esd 7.24 te prèt yo ase li pat manyen. Prèt yo pat bezwen tè pou yo manje, paske, dapre yon lwa ki gen nan peyi a, se farawon an menm ki te toujou peye yo. Se ak lajan sa a yo te viv.
23Jozèf di pèp la:
— Jòdi a, mwen achte nou ansanm ak tout tè nou yo pou farawon an. Men grenn m'ap ban nou pou nou plante nan jaden nou yo.
24Lè sezon rekòt la va rive, n'a bay farawon an yon senkyèm (⅕) nan tou sa nou rekòlte. Rès la va pou nou, pou nou plante nan jaden nou yo, pou nou manje nou menm ansanm ak pitit nou yo ak tout moun ki lakay nou.
25Yo Jen 33.15 reponn li:
— Ou sove lavi nou! Sèl sa nou mande ou, se pou ou aji byen ak nou. N'ap rete esklav farawon an.
26Se Jen 47.22 konsa, Jozèf te pase yon regleman pou tout peyi Lejip la: dapre regleman sa a ki la jouk kounyeya toujou, se pou yo bay farawon an yon senkyèm sou chak rekòt. Se sèlman tè prèt yo ki pat pou farawon an.
Dènye volonte Jakòb27Moun Jen 26.4; Egz 1.7; Sòm 105.24; Tra 7.17 Izrayèl yo te rete nan peyi Lejip sou tè Gochenn lan. Yo vin gen anpil byen. Yo te fè anpil anpil pitit. Yo t'ap fè toujou.
28Jakòb pase disèt lanne nan peyi Lejip. Li te rive gen sankarannsèt (147) lanne sou tèt li.
29Lè Jen 24.2,49; 50.25 sa a, Izrayèl vin wè li pat gen lontan pou l viv ankò. Li fè rele Jozèf, pitit li a, li di l konsa:
— Si ou renmen m vre, tanpri, fè m sèman. Mete men ou nan fant janm mwen, pwomèt mwen w'ap kenbe pawòl ou, ou p'ap janm trayi m. Tanpri, pa antere m nan peyi Lejip.
30Mwen Jen 49.29,30; Tra 7.16 vle pou yo antere m' menm kote ak zansèt mwen yo lè mwen va kite sa. Se pou yo pran mwen Lejip moute al antere m' nan kavo fanmi mwen yo.
Jozèf reponn li:
— Mwen va fè sa ou mande mwen an.
31Men, Jen 48.2; 1 Wa 1.47; Eb 11.21 Jakòb di Jozèf:
— Sèmante w'ap fè sa pou mwen vre.
Jozèf sèmante ba li. Apre sa, Izrayèl bese tèt li byen ba nan kabann li pou di Jozèf mèsi.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.