1De jou apre sa, te gen yon maryaj lavil Kana Jan 1.43 nan peyi Galile. Manman Jezi te la,
2yo te envite Jezi ak disip li yo nan nòs la tou.
3Rive yon lè, pa te gen diven ankò. Manman Jezi di li konsa:
— Diven moun yo fini wi.
4Men Jan 19.26; Mat 12.48; Mak 1.24 Jezi reponn li:
— Nan kisa mwen ye avè ou, madanm? Lè pa m lan poko rive.
5Lè sa a, manman Jezi di moun ki t'ap sèvi yo:
— Fè tou sa l di nou fè.
6Te Mak 7.3,4 gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe ven trant galon konsa.
7Jezi di moun ki t'ap sèvi yo:
— Plen ja yo dlo.
Yo plen yo ra bouch.
8Lè yo fini, Jezi di yo:
— Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute.
Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la.
9Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pat konnen ki bò diven sa a te sòti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a,
10li di li konsa:
— Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se kounyeya w'ap sèvi l.
11Se Jan 1.14; 11.40 konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li.
12Apre Jan 7.3; Mat 4.13 sa, l'ale lavil Kapènawòm ansanm ak manman l, frè l yo ak disip li yo. Yo pase de twa jou la.
Jezi nan tanp lan(Matye 21.12-13; Mak 11.15-17; Lik 19.45-46)13Fèt Pak jwif yo te vanse rive. Se konsa, Jezi moute Jerizalèm.
14Li Mat 21.12,13; Mak 11.15-17; Lik 19.45,46 jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t'ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan.
15Li pran kòd li kòde fè fwèt. Epi li tonbe chase moun yo deyò nan Tanp lan, ak tout mouton yo, tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè.
16Li Lik 2.49 di moun ki t'ap vann pijon yo:
— Demaske nou, fè m' pa wè bagay sa yo la a! Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik.
17Disip Sòm 69.9 li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen.
18Jwif Mat 21.23; Jan 3.2 yo mande li:
— Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gendwa fè sa w'ap fè la a?
19Jezi Mat 26.61; 27.40 reponn yo:
— Kraze tanp sa a kounyeya. Nan twa jou m'ap rebati l ban nou.
20Jwif yo di li:
— Yo pran karannsizan pou yo bati tanp sa a, pou ou menm, pou ou ta pran twa sèl jou pou rebati li?
21Men 1 Kor 6.19 Jezi li menm, lè l t'ap di mo tanp lan se pwòp kò li li te gen nan tèt li.
22Lè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, disip li yo vin chonje li te di sa. Se konsa yo te kwè sa ki te ekri nan Liv la ansanm ak tout pawòl Jezi te di yo.
Jezi konnen sa ki nan kè moun23Pandan Jezi te Jerizalèm pou fèt Pak la, anpil moun te kwè nan li lè yo te wè mirak li t'ap fè.
24Men, Jezi pat fè okenn ladan yo konfyans, paske li te konnen yo tout byen.
25Li Mak 2.8 pat bezwen moun te di l anyen sou pèsonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.