Ezekyèl 2 - 1998 Haitian Creole

1Li di mwen konsa:

— Ras Adan, Da 8.17; 10.11 leve kanpe non! Paske mwen pral pale ak ou.

2Fini Eze 3.24 li fin pale ak mwen, se konsa Lespri antre nan mwen mete m' sou de pye m'. Epi mwen tande vwa a pran pale ankò.

3Li Jer 3.25 di m':

— Ras Adan! M'ap voye ou kote moun Izrayèl yo. Se yon bann moun ki pa vle koute m'. Yo vire do ban mwen. Jouk koulyeya, y'ap kenbe tèt avè m' tankou zansèt yo te fè li tan lontan.

4Tèt Eze 3.7 yo di, yo gen move santiman. Men se kote moun sa yo m'ap voye ou pou di yo: men sa mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, voye di yo.

5Mwen Eze 3.11; 33.33 konnen se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. Kit yo koute ou, kit yo pa koute ou, zafè yo! Men y'a konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo.

6Men Jer 1.8; Eze 3.9; Mi 7.4; 1 Pyè 3.14 ou menm, nonm o! ou pa bezwen pè yo, ni ou pa bezwen pè sa y'ap di. Y'ap tizonnen ou, y'ap pase ou nan betiz. W'ap tankou yon moun k'ap mache nan yon jaden pikan, tankou yon moun ki chita sou yon nich flanman. Men, ou pa bezwen kite yo kraponnen ou ak sa y'ap di, ou pa bezwen pè yo. Se yon move ras moun yo ye, tèt yo di.

7Kit yo vle tande ou, kit yo pa vle koute ou, zafè! Chonje se yon ras moun tèt di yo ye.

8Nonm Rev 10.9 o! Koute sa m pral di ou la a. Pa fè tèt di tankou move ras moun sa yo. Louvri bouch ou, manje sa m pral ba ou la a.

9M gade, Eze 8.3; Da 10.10; Rev 10.2 mwen wè yon men lonje sou mwen. Li te kenbe yon woulo liv tou fèmen.

10Li Rev 5.1 louvri liv la devan je m, mwen wè li te ekri sou tou de bò l yo. Li te plen pawòl moun di lè y'ap plenn sò yo, lè yo nan gwo lapenn, lè y'ap soufri anpil.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help