1Chante 1 Kwo 16.23-33 yon Sòm 33.3; 98.1 chante tou nèf pou Senyè a!
Nou tout ki rete sou latè, chante pou Senyè a!
2Chante Eza 52.7 pou Senyè a, fè lwanj li!
Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.
3Fè nasyon yo konnen pouvwa li.
Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.
4Senyè a Sòm 48.1; 95.3 gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre.
Se pou moun pè l pi plis pase lòt bondye yo.
5Bondye Jen 1.1; Sòm 115.4; Eza 42.5; Jer 10.12; Aba 2.18-20; Tra 19.26 lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye.
Men, se Senyè a ki fè syèl la.
6Devan li se respè, se chapo ba.
Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a!
7Nou Sòm 22.27; 29.1,2; 114.7 tout pèp ki sou latè, fè lwanj Senyè a!
Fè lwanj Senyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
8Fè lwanj li paske li merite sa!
Pote ofrann ba li anndan lakay li!
9Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a!
Nou tout ki sou latè, tranble devan li.
10Mache Sòm 9.8; 93.1 di nan tout peyi yo: Se Senyè a ki sèl wa.
Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l.
L'ap jije tout moun san patipri.
11Se Sòm 69.34; 97.1; 98.7 pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt.
Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l pran fè bri sitèlman yo kontan.
12Se Eza 35.1; 55.12 pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt.
Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan,
13lè Eza 11.1-5 Senyè a parèt. Paske, l'ap vini.
L'ap vini pou l jije tout moun ki sou latè.
L'ap jije tout moun san patipri.
L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.