1Yon mouch mouri fè yon boutèy losyon gate nèt. Konsa tou, yon sèl betiz ka fè tout gwo konesans ou pase pou anyen. Sa ka fè moun pa respekte ou ankò.
2Kè yon moun ki gen konprann toujou panche pou fè sa ki byen, men kè moun sòt toujou panche pou fè sa ki mal.
3Menm
5Men yon lòt move bagay mwen wè ankò sou latè, lèfini se chèf yo ki lakòz sa.
6Yo pran moun sòt mete yo nan gwo pozisyon, epi yo kite moun ki chaje ak konesans anba.
7Mwen Pwo 19.10 wè esklav ap karakole sou chwal yo, epi chèf yo menm k'ap mache apye tankou esklav.
8Si Sòm 7.15 ou fouye yon pi, se ou menm ki va tonbe ladan l. Si ou kraze yon miray, se ou menm sèpan va mòde.
9Si w'ap koupe wòch karyann, w'a blese. Si w'ap fann bwa, malè ka rive ou.
10Si dan rach ou pa koupe, si ou pa file l, ou gen pou travay pi rèd lè w'ap sèvi avè l. Men bon konprann ap fè ou reyisi nan sa w'ap fè.
11Ou Jer 8.17 te mèt konn chame sèpan, sa p'ap sèvi ou anyen si ou kite l gentan mòde ou.
12Pawòl ki sòti nan bouch yon moun ki gen konprann sèvi yon lwanj pou li. Men pawòl nan bouch moun sòt ap lakòz lanmò yo.
13Lè yo konmanse pale, se betiz y'ap di. Men lè y'ap fini, se pawòl moun fou nèt y'ap di.
14Moun Ekl 6.12 sòt renmen pale anpil.
Pèsonn pa konnen sa k'ap rive denmen. Pèsonn pa ka di nou sa k'ap rive apre nou mouri.
15Moun sòt touye tèt li nan travay, li bliye chemen kay li.
16Ala Eza 3.4; 5.11 malè pou yon peyi lè li gen yon timoun alatèt li, lè chèf li yo tonbe nan manje depi granmaten.
17Men, Pwo 31.4 ala bon sa bon pou yon peyi lè wa a se moun ki sòti nan bon ras, lè chèf li yo manje lè pou yo manje pou yo ka jwenn fòs, epi ki pa lage kò yo nan banbòch.
18Lè yon moun twò parese pou l repare kay li, twati a ap koule, fetay la ap tonbe.
19Yo Sòm 104.15 fè resèpsyon pou yo pran plezi yo, yo bwè diven pou fè kè yo kontan, men se lajan ki penmèt yo fè tou sa.
20Pa Egz 22.28 kritike yon wa, pa menm nan kè ou. Pa kritike rich yo, pa menm anndan chanm ou. Paske, raje gen zòrèy.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.