1Men pawòl filozòf la, pitit David, ki te wa nan Jerizalèm.
2Nan Jòb 7.16; Sòm 39.5; 144.4; Wòm 8.20 lavi a, anyen pa anyen,
Non, anyen pa anyen nan lavi a.
Se pawòl filozòf la.
Tout bagay gen pou kaba.
3Yon Ekl 3.9 moun te mèt pase tout lavi l ap travay di,
ap bay kò l traka sou latè beni,
kisa sa rapòte l?
4Moun Sòm 119.90 fèt, moun mouri.
Men sa pa deranje anyen sou latè.
5Solèy Sòm 19.4-6 leve, solèy kouche.
L'ap kouri tounen kote pou l leve a ankò.
6Van Ekl 11.5; Jan 3.8 an soufle sòti nan nò desann nan sid.
Apre sa, li vire sòti nan sid moute nan nò.
Konsa, l'ap vire tounen nan menm chemen an san rete.
7Tout dlo larivyè desann nan lanmè,
men lanmè pa janm plen.
Dlo a tounen kote larivyè a te sòti a.
Konsa, larivyè a pa janm sispann koule.
8Tout Pwo 27.20 bagay ap vire won san rete.
Pa gen pawòl ki ka di jan sa ye.
Je pa janm bouke wè.
Zòrèy pa janm bouke tande.
9Sa Ekl 3.15 ki te rive anvan, se sa ki va rive apre.
Sa yo te fè anvan an, se sa y'ap toujou fè.
Pa gen anyen ki chanje sou latè beni.
10Menm lè nou di:
ade! men yon bagay tou nouvo!
Menm la, bagay la te deja la
depi syèk tan anvan nou fèt.
11Pèsonn Ekl 2.16; 9.5 pa sonje sa ki te pase nan tan lontan.
Konsa tou pita, pesonn p'ap sonje sa k'ap pase koulyeya.
Esperyans filozòf la nan lavi12Mwen menm, nèg fò, mwen te wa peyi Izrayèl nan lavil Jerizalèm.
13Mwen Jen 3.19; Ekl 3.10 te sòti pou m te fouye, pou m te egzaminen tou sa k'ap fèt sou latè nan tout ti detay yo.
Travay Bondye bay moun fè sou latè a pa manke rèd.
14Mwen Ekl 2.11; 4.4 wè tou sa k'ap fèt sou latè. Yo tout se mouvman nil. Se rapousib van.
15Moun Ekl 7.13 pa ka drese bwa ki fin kwochi. Moun pa ka konte ze nan vant poul.
16Mwen 1 Wa 3.12; Ekl 2.9 di nan kè mwen: Mwen vin grannèg. Mwen vin pi fò pase tout wa ki t'ap gouvènen lavil Jerizalèm anvan m yo. Mwen konnen sa ki rele gen konprann ak konesans.
17Mwen Ekl 2.12; 7.25 te soti pou m'te konnen diferans ki genyen ant moun ki gen bon konprann ak moun egare, ant moun ki gen konesans ak moun sòt. Men la ankò, mwen wè se rapousib van.
18Paske plis ou gen konprann, se plis ou nan tèt chaje. Plis ou konnen, se plis ou soufri.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.