1Senyè a pale avè m, li di m
19Yo
Ou pral nan lapenn tankou yon fanm ansent ki gen tranche.
22W'a Jer 5.19; Lam 1.9; Na 3.5 mande tèt ou:
Poukisa tout bagay sa yo ap rive ou?
Se paske sa ou te fè a te grav anpil
kifè yo mete ou toutouni, yo fè kadejak sou ou.
23Eske Mat 19.26 moun etyopi ka rive chanje koulè po yo?
Eske leyopa ka rive efase takte ki sou po li?
Konsa tou, nou pa ka fè sa ki byen,
nou menm ki pran labitid fè sa ki mal.
24Mwen Sòm 83.13 menm, Senyè a, mwen pral gaye yo
tankou pay van ap gaye nan savann.
25Senyè a Jòb 20.29; Jer 2.32 di: Men sa k'ap tann nou.
Men sa mwen deside fè nou
paske nou te bliye m,
nou te al mete konfyans nou nan fo bondye.
26Se mwen menm menm ki pral leve
rad nou jouk sou tèt nou, pou yo wè nou toutouni.
27Mwen Eza 1.16; Jer 2.20; 5.8; Eze 24.13 te wè n'ap fè bagay mwen rayi.
Tankou yon nonm marye k'ap kouri dèyè madanm lòt moun,
tankou poulen k'ap ranni dèyè jiman,
nou kouri dèyè lòt bondye, n'ap rele nan pye yo.
San okenn wont, n'ap fè sèvis pou yo sou tèt
ti mòn yo ak nan laplenn.
Aa! moun lavil Jerizalèm, nou fini vre!
Kilè n'a sispann? Kilè n'a manyè netwaye kè nou?
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.