Detewonòm 21 - 1998 Haitian Creole

Regleman sou krim san mèt

1Si nan peyi Senyè a, Bondye nou an, te ban nou pou n rete a, nou rive jwenn kadav yon moun yo sasinen nan yon jaden, san nou pa konnen ki moun ki fè sa,

2chèf fanmi yo ak jij yo va sòti, y'a mezire distans ki genyen ant kote yo jwenn kadav la ak lavil ki toupre yo.

3Y'a Nonb 19.2 wè lavil ki pi pre a. Lè sa a, chèf fanmi ki reskonsab lavil ki pi pre kote yo te jwenn kadav la va pran yon jenn ti gazèl bèf ki poko janm sèvi pou fè okenn travay.

4Y'a mennen l bò yon larivyè ki pa janm chèch, nan yon pozisyon kote tè a pa janm travay ni sekle. Epi se la y'a kase kou l.

5Apre Det 10.8; 17.8,9 sa, prèt yo, pitit Levi yo, va vini, paske se yo menm Senyè a, Bondye nou an, te chwazi pou fè sèvis pou li ak pou beni pèp la nan non li. Se yo menm ki pou bay dènye mo a lè gen diskisyon, lè gen san deyò.

6Apre Sòm 26.6; 73.13; Mat 27.24 sa, chèf fanmi ki reskonsab lavil ki pi pre kote yo te jwenn kadav la va lave men yo ak dlo anwo gazèl yo te touye a.

7Y'a 2 Sam 3.28 di: Se pa nou ki touye moun sa a, ni nou pa wè ki moun ki fè krim sa a.

8Senyè! Jer 26.15; Jo 1.14 Ou menm ki te delivre moun Izrayèl yo anba moun peyi Lejip yo, padonnen pèp ou a. Pa rann nou reskonsab lanmò yon inonsan yo touye. Bondye va padonnen krim ki fèt la.

9Se Det 19.13 konsa, n'a fè sa Senyè a te ban nou lòd fè a, yo p'ap rann nou reskonsab lanmò inonsan yo touye a.

Fanm prizonye nan lagè

10Lè n'ap fè lagè ak lènmi nou yo epi Senyè a, Bondye nou an, fè nou genyen yo, li fè nou fè anpil prizonye,

11si yonn nan nou wè pami prizonye yo yon bèl fanm, epi li tonbe damou pou li, l'a gendwa pran l pou madanm li.

12L'a mennen l lakay li. Fanm lan va koupe tout cheve nan tèt li, l'a koupe tout zong dwèt ak tout zong pye l yo,

13l'a wete rad ki te sou li lè yo te fè l prizonye a. L'a rete anndan kay nonm lan pandan yon mwa ap kriye pou papa l ak manman l. Apre sa, nonm lan va pwoche bò kote l, l'a marye avè l, l'a pran l pou madanm li.

14Si Det 24.7 apre sa, rive yon lè nonm lan pa renmen l ankò, l'a kite l al fè wout li. Li p'ap ka vann li pou lajan, ni li pa ka aji avè l tankou yon esklav, paske se fòse li te fòse l vin madanm li.

Pòsyon eritaj premye pitit gason yo

15Sipoze Jen 29.30,33 yon nonm ki gen de madanm, gen yonn li renmen plis pase lòt epi tou de madanm yo fè pitit gason pou li. Men, premye pitit gason l lan twouve se pitit fanm li renmen mwens lan li ye.

16Lè 2 Kwo 11.19-22 lè a va rive pou l separe byen l yo bay pitit li yo, li p'ap ka fè patipri pou l pran pitit gason fanm li pi renmen an pou l ba li pòsyon ki pou ale pou premye pitit gason an, pòsyon ki pou pitit gason fanm li renmen mwens lan.

17Wè Jen 25.31,33; 49.3 pa wè, se pou l respekte dwa premye pitit gason l lan, dwa pitit gason fanm li renmen mwens lan. L'a ba li de fwa lavalè sa li gen pou l bay chak lòt pitit li yo, paske se li menm ki premye pitit gason li te fè lè li te jenn gason. Se li ki gen tout dwa yon premye pitit gason genyen.

Chatiman pou pitit dezobeyisan

18Si yonn nan nou gen yon pitit gason ki radi, ki gen tèt di, ki pa vle koute ni manman l ni papa l lè y'ap pale ak li, yo te mèt bat li, sa antre nan yon zòrèy sòti nan lòt la,

19manman l ak papa l va kenbe l, y'a trennen l devan chèf fanmi yo, nan tribinal ki bò pòtay lavil kote yo rete a.

20Epi y'a di yo: Men pitit gason nou an. Nou mennen l ban nou paske li radi, l'ap fè wondonmon, li pa vle koute lè n'ap pale avè l. L'ap gaspiye tout lajan nou nan bweson, li nan tout kalite vis.

21Lè Det 13.5,10,11 sa a, tout gason ki rete nan lavil la va kalònnen l wòch jouk yo touye l. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan nou an. Tout moun nan pèp Izrayèl la va konn sa, y'a mache sou pinga yo.

Lòt regleman

22Si yo kondannen yon moun pou yon krim li fè, epi lè yo fin touye l, yo pann kadav la nan yon pyebwa,

23pa Nonb 35.34; Joz 8.29; Jan 19.31; Gal 3.13 janm kite kadav la pase nwit sou pyebwa a. Se pou nou antere l menm jou a, paske yon kadav pann nan yon pyebwa se bagay ki pa fè Bondye plezi. Se konsa nou p'ap kite yo fè okenn vye bagay ki pou fè Senyè a, Bondye nou an, vire do ban nou nan peyi Senyè a pral ban nou pou nou rete a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help