1Senyè, gade sa ki te rive nou non!
Voye Sòm 89.50 je gade nou. Wè nan ki mizè nou ye!
2Peyi Sòm 79.1 nou an nan men moun lòt nasyon!
Yo pran kay nou pou yo.
3Nou se timoun san papa.
Manman nou tankou fanm ki pèdi mari yo.
4Se achte pou n achte dlo pou nou bwè.
Si nou pa gen lajan, nou pa jwenn bwa pou nou boule.
5N'ap Joz 10.24 travay di tankou bourik, tankou bèf kabwa.
Nou bouke, nou pa ka pran kanpo.
6Pou nou ka jwenn manje pou nou manje
nou blije ap lonje men bay peyi Lejip ak peyi Lasiri.
7Zansèt Jer 31.29 nou yo fè peche. Yo pa la ankò!
Se nou menm k'ap peye pou sa yo te fè.
8Moun Pwo 30.21,22 k'ap gouvènen nou yo se esklav yo ye.
Pèsonn pa ka delivre nou anba men yo.
9Se Jer 6.25 gwo danje lè nou sòti al dèyè manje.
Ansasen toupatou nan peyi a.
10Grangou Det 32.24; Lam 4.8 ban nou lafyèb.
Kò nou cho kou dife.
11Yo fè kadejak sou madanm nou sou mòn Siyon an.
Nan tout ti bouk peyi Jida yo yo kenbe pitit fi nou yo.
12Yo 2 Wa 25.19-21 pran chèf nou yo, yo pann yo.
Yo derespekte granmoun nou yo.
13Yo Joz 9.27; Jij 16.21 fòse jenn gason nou yo rale moulen.
Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa.
14Granmoun Eza 24.8 yo pa chita nan pòtay lavil la ankò.
Jennmoun nou yo pa chante ankò.
15Pa Am 8.10 gen kè kontan lakay nou
Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou!
16Tou Jer 13.18 sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt.
Nou te peche, malè tonbe sou nou.
17Nou Eza 1.5 malad nan fon kè nou,
nou pa ka wè tèlman n'ap kriye,
18paske Eza 34.13 mòn Siyon an tounen savann.
Se bèt nan bwa ase ki rete la.
19Men Sòm 102.12 ou menm, Senyè, ou wa pou tou tan.
W'ap gouvènen jouk sa kaba.
20Poukisa Sòm 13.1 ou lage nou pou tout tan sa a?
Gen lè ou p'ap janm chonje nou ankò!
21Senyè, Jer 31.18 fè nou tounen vin jwenn ou non!
Fè nou tounen vin jwenn ou!
Fè nou viv jan nou te konn viv nan tan lontan an non!
22Eske Jer 14.19 ou voye nou jete pou tout bon?
Pou di ou p'ap janm sispann fache sou nou?
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.