3 Wa a di Estè konsa:
— Estè,Mak 6.23 sa ou bezwen? Kisa ou vle mande m? Ou te mèt mande m mwatye nan peyi ki anba kòmandman mwen, m'ap ba ou li.
4Estè reponn li:
— Jòdi a se yon gran jou pou mwen. Si sa fè wa a plezi, mwen ta renmen wa a vini ansanm ak Aman nan fèt m'ap fè pou li lakay mwen aswè a.
5Lamenm wa a di:
— Prese al di Aman pa mize pou n'al kay Estè jan Estè vle l la.
Se konsa yo tou de te nan fèt Estè te envite yo vini an.
6Lè yo fin manje, wa a pale ak Estè, li di l konsa:
— Sa ki genyen, larenn Estè? Tou sa ou mande, m'a ba ou li.
7Estè reponn li:
— Sa m bezwen? Sa m ta mande ou la a?
8Si wa a kontan avè m, mwen ta renmen wa a ansanm ak Aman vini denmen ankò pou yon lòt fèt m'ap fè pou yo. Denmen m'a mande monwa sa m vle a.
Aman fè plan pou li touye Madoche9Lè Aman sòti kay wa a, li te kontan anpil, li t'ap ri ak tout moun. Men, lè li wè Madoche, nonm jwif la, nan lakou a, li move yon sèl move nan kè li.
10Antre li antre lakay li, li fè chache zanmi l yo ansanm ak Zòsara, madanm li.
11Li di yo jan li rich, jan wa a te ba li yon bèl pozisyon, jan li te nonmen l premye minis, jan li te mete l sèl chèf pou dirije peyi a.
12Lèfini, li di konsa:
— Nan fèt larenn lan fè pou wa a, li pa wè lòt moun pase mwen pou l envite. Men li envite m pou denmen ankò!
13Men, tou sa pa fè kè m kontan chak fwa mwen wè jwif yo rele Madoche a nan lakou a.
14Lè sa a, Zòsara, madanm li, ansanm ak tout zanmi l yo di l konsa:
— Fè yo koupe yon gwo pyebwa ki gen vennsenk mèt wòtè. Denmen maten, w'a mande wa a pou yo pann Madoche ladan l. Ou menm menm al nan fèt la ansanm ak wa a. Pran kont plezi ou.
Aman wè se te yon bon lide yo te ba li la a, li fè pare pyebwa a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.