1 Makabe 8 - 1998 Haitian Creole

Jida ak chèf lavil Wòm yo

1Jida vin tande sa yo t'ap di sou chèf lavil Wòm yo. Moun t'ap mache di jan yo te vanyan sòlda, jan yo te boule byen ak moun ki te vin mete tèt ansanm ak yo, jan yo te sòti pou yo zanmi tout moun ki te vin jwenn yo,

2jan yo te gen yon gwo lame plen vanyan sòlda. Yo te rakonte Jida kalite lagè moun lavil Wòm yo te fè, kalite mèvèy yo te fè nan lagè ak peyi Lagol kote yo te fè moun yo soumèt devan yo, epi yo fè yo peye yon gwo lajan chak lè.

3Yo te vin di l tou tousa yo te fè nan peyi Lespay pou yo te ka pran min lò ak min ajan ki te la yo,

4ak ki jan yo te rive pran tout peyi a nèt pou yo (atout peyi a te lwen lakay yo), paske yo te gen anpil lespri ak pèsistans nan sa yap fè. Yo te kraze wa ki te sòti toupatou sou latè vin atake yo. Yo bat yo byen bat, yo kraze yo. Gen lòt wa menm yo fòse peye yon lajan chak lanne.

5Yo kraze Filip, Pèse, wa moun Kitim yo, ansanm ak tout lòt wa ki te leve atake yo. Yo fè yo bese tèt devan yo.

6Antyokis, gran wa zòn Lazi a, te mache sou yo ak yon gwo lame ak sanven (120) elefan, anpil kavalye ak anpil cha lagè. Yo bat li byen bat tou.

7Yo pran wa a tou vivan, yo fòse l siyen yon papye pou ni li ni moun k'ap vin apre l yo pou yo peye yon gwo lajan chak lè, epi pou yo bay moun pa yo an garanti,

8pou yo renmèt bay moun lavil Wòm yo peyi Lend, peyi Medi, peyi Lidi ansanm ak pi bon tè yo genyen. Moun Wòm yo menm pran tout peyi sa yo, yo bay wa Emenès.

9Moun peyi Lagrès yo fè lide al atake moun lavil Wòm yo pou detwi yo.

10Men, moun lavil Wòm yo vin konn sa, yo voye yon sèl jeneral al goumen ak yo. Anpil nan moun peyi Lagrès yo mouri. Moun lavil Wòm yo pran madanm yo ak pitit yo sèvi esklav, yo piye tou sa yo te genyen, yo pran peyi a rele yo chèmèt chèmètrès, yo kraze tout fò yo, yo fè moun yo tounen esklav, jan sa ye jouk jounen jòdi a.

11Moun lavil Wòm yo kraze tout lòt peyi yo, tout zile yo ak tout moun ki te leve yon lè dèyè yo. Yo fè yo tounen esklav.

12Men, yo kenbe zanmitay yo ak tout moun ki zanmi yo, ak tout moun ki te konte sou yo pou pwoteksyon. Yo soumèt wa ki rete pre yo ak wa ki te lwen yo anba otorite yo. Lèfini, tout moun ki te tande sa yo te fè te pè yo.

13Yo ede moun yo vle rive wa, yo jete wa yo vle. Se konsa, yo te rive sèl kòk chante nan tout zòn lan.

14Atousa, pat gen yon moun lavil Wòm ki te janm seye pran pòz gwo chèf li sou lòt yo pou li ta rive mete yon kouwòn sou tèt li osinon rad wa sou li.

15Yo fè yon gran konsèy ak twasanven (320) moun ladan l. Chak jou yo reyini pou diskite sou sa ki pou fèt pou tout bagay mache byen pou pèp la.

16Chak lanne yo chwazi yon moun yo mete reskonsab pou gouvènen yo, pou dirije tout peyi a. Tout moun te soumèt devan moun sa a. Pa te gen moun ki te anvye sò lòt osinon ki t'ap fè jalouzi nan mitan yo.

17Jida chwazi Epolèm, pitit gason Jan, pitit pitit gason Akòs, ak Jason, pitit gason Eleaza, li voye yo lavil Wòm pou yo siyen yon kontra zanmitay, yon kontra tètansanm ak moun lavil Wòm yo.

18Li te fè sa paske li te mete nan tèt li moun Wòm yo ta ka wete yo anba men moun ki t'ap toupizi yo, paske yo te wè gouvènman moun peyi Lagrès yo t'ap fè jwif yo tounen esklav yo.

19Apre yon vwayaj byen long, Epolèm ak Jason rive lavil Wòm. Yo parèt devan Gran Konsèy la. Yo pale, yo di konsa:

20— Jida Makabe, ansanm ak frè l yo ak pèp jwif la, te voye nou isit la bò kote nou pou nou te ka siyen yon kontra zanmitay yonn ak lòt, pou mete nou sou lis zanmi k'ap mache nan tètansanm ak nou yo.

21Koze a fè moun lavil Wòm yo plezi.

22Men kopi lèt yo te grave sou plak bwonz pou voye lavil Jerizalèm pou jwif yo te ka kenbe l lakay yo tankou yon souvnans kontra tètansanm lan:

23— Se pou tout bagay mache byen pou moun lavil Wòm yo ak pou pèp jwif yo, ni sou latè ni sou lanmè pou tout tan tout tan, pou yo pa janm gen lènmi, pou yo pa janm nan lagè ak pèsonn.

24Men, si moun ta vin atake lavil Wòm anvan osinon yonn nan peyi kap mache avè l yo nenpòt kote nan zòn ki anba baton kòmandman l lan,

25nasyon jwif yo va vin kanpe avè l nan lagè a ak tout kè yo, dapre sa sitirasyon an va mande.

26Jwif yo p'ap bay ni yo p'ap vann moun k'ap fè lagè ak lavil Wòm yo anyen, kit se manje, kit se zam, kit se lajan, kit se bato, jan moun lavil Wòm yo te deside a. Lèfini, jwif yo va kenbe angajman yo san yo p'ap resevwa anyen pou sa.

27Konsa tou, si moun ta vin atake nasyon jwif yo anvan, moun lavil Wòm yo va vin kanpe avè yo nan lagè a ak tout kè yo, dapre sa sitirasyon an va mande.

28Moun lavil Wòm yo p'ap bay ni yo p'ap vann moun k'ap fè lagè ak jwif yo anyen, kit se manje, kit se zam, kit se lajan, kit se bato, jan moun lavil Wòm yo te deside a. Lèfini, moun lavil Wòm yo va kenbe angajman yo san chache twonpe moun.

29Men kondisyon kontra moun lavil Wòm yo te pase ak pèp Izrayèl la.

30Men, si apre sa tou de moun sa yo ta dakò pou yo mete kichòy osinon pou yo wete kichòy nan kontra a, y'a fè l jan yo vle l la. Lèfini, sa yo va mete a, osinon sa yo va wete a va yon obligasyon pou yo.

31Pou fini, an rapò ak tout mechanste wa Demetriyis ta fè moun jwif yo, nou menm moun lavil Wòm yo, men sa nou voye ekri l: Poukisa w'ap toupizi jwif yo, zanmi k'ap mache ansanm nou yo, konsa?

32Si yo vin pote nou plent ankò pou ou, n'ap kanpe pou n defann kòz yo, n'ap fè ou lagè ni sou latè, ni sou lanmè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help