Jidit 2 - 1998 Haitian Creole

Nebikadneza voye Olofèn al regle ak moun sou bò solèy kouche yo

1Jou ki te venndezyèm jou nan premye mwa nan dizwityèm lanne a, se yon sèl koze ki te gen nan palè Nebikadneza, wa peyi Lasiri a: se kèsyon revanj pou wa a tire sou tout moun sou latè, jan li te di l la.

2Wa a fè rele tout minis li yo, tout grannèg nan gouvènman l lan, li di yo sa li te gen nan lide l fè a. Ak pwòp bouch li, li detaye pou yo plan li te fè pou l fè gwo malè sou tout lòt peyi ki sou latè yo.

3Chèf yo dakò pou yo detwi dènye moun ki pat koute pawòl wa a te voye di yo a.

4Lè Nebikadneza, wa peyi Lasiri a, fin bay plan tou sa li vle fè a, li rele Olofèn, pi gwo kòmandan lame li a, chèf ki te nan dezyèm pozisyon apre wa a, li di l konsa:

5— Men sa mwen menm, pi gwo wa a, sèl chèf sou tout latè a, mwen di: Mwen ba ou lòd pati al byen lwen. W'ap pran avè ou yon lame sòlda ki kwè nan fòs kouray yo, sanvenmil (120.000) sòlda apye, douzmil (12.000) kavalye ak tout chwal yo.

6Ou pral mache pran tout peyi ki sou bò solèy kouche a, paske yo pat koute sa m te voye di yo a.

7W'a pale yo pou yo pare pou yo renmèt mwen tout peyi yo san kondisyon, paske mwen move anpil sou yo, m'ap vin mache pran yo. Mwen pral voye lame mwen an anvayi tout peyi sa yo, m'ap lage yo nan men lame a pou li sa piye yo nèt.

8Kò moun blese yo pral plen fon yo. Ravin yo ak larivyè yo pral plen kadav moun mouri. Dlo yo pral gonfle, y'ap debòde.

9Moun y'ap fè prizonye yo, m'ap depòte yo jouk nan dènye bout latè.

10Ou menm, Olofèn, pran devan m! Anvayi tout peyi sa yo nan non mwen. Y'a rann tèt yo ba ou, epi w'ap mete veye yo antan y'ap tann jou jijman mwen pare pou yo a.

11Men, kanta pou moun ki kenbe tèt avè ou yo, pa fè pa yo yonn. Touye yo tout, lèfini piye tout peyi kote ou pase.

12Paske mwen fè sèman sou lavi mwen ak sou otorite m tankou wa nan peyi a, mwen fin pale. Sa pou m fè a, m'ap fè l ak pwòp men mwen.

13Ou menm, piga ou dezobeyi okenn nan lòd mwen menm, mèt ou, mwen ba ou yo. Se pou ou fè tout bagay jan mwen mande ou pou fè l la. Lèfini, pa mize fè l ban mwen.

Olofèn ap kraze lòt nasyon yo

14Olofèn kite wa a, li pati. Li fè rele tout kòmandan, tout jeneral ak tout ofisye lame peyi Lasiri a.

15Li chwazi sanvenmil (120.000) nan pi bon sòlda yo ak douzmil (12.000) nan pi bon kavalye ki konn sèvi ak banza yo, jan wa a te mande l fè a.

16Li pare yo tankou yon gwo lame pou y'al goumen.

17Li pran avè l tou yon bann ak yon kantite chamo, bourik, milèt pou pote chay, ak anpil mouton, bèf, kabrit moun pa ka konte, pou vyann yo.

18Te gen kont manje pou chak sòlda, ansanm ak kantite lò ak ajan ki te sòti nan kès wa a.

19Apre sa, Olofèn ak tout lame li a pati, yo pran devan wa Nebikadneza. Y'al mache pran tout peyi lòt bò solèy kouche a, y'al anvayi yo ak cha yo, kavalye yo ak vanyan sòlda apye yo.

20Te gen yon bann lòt moun ak yo, tankou yon desen krikèt osinon grenn sab sou bò lanmè. Sitèlman yo te anpil, moun pat ka konte yo.

21Twa jou apre yo kite lavil Niniv, yo rive nan plenn ki bò lavil Bektilèt, toupre mòn ki sou bò gòch anwo peyi Silisi a. Se la yo moute kan yo.

22Apre sa, Olofèn pran tout lame li a, sòlda apye l yo, kavalye l yo ansanm ak cha lagè l yo, li pran chemen mòn lan pou li.

23Li te detwi peyi Foud ak peyi Loud nèt, li piye zafè tout moun peyi Rasis yo ak tout moun Ismayèl yo ki rete sou lizyè dezè a, sou bò sid peyi moun Chele yo.

24Apre sa, Olofèn janbe lòt bò larivyè Lefrat la, li travèse peyi Mezopotami, li detwi ratè tout lavil ak ranpa ki bò larivyè Abwon an rive sou lanmè.

25Li pran teritwa peyi Silisi a, li touye dènye moun ki kenbe tèt avè l, li rive nan zòn sid Jafè anfas peyi Arabi.

26Li sènen moun Madyan yo, li boule kan kote yo te rete a, epi li touye tout kabrit, tout mouton ak tout bèf yo te gen nan pak.

27Olofèn desann nan plenn bò lavil Damas. Lè sa a yo t'ap fè rekòt ble. Li boule tout jaden yo, li touye tout mouton, tout kabrit ak tout bèf moun yo, li piye lavil yo, li depafini tout zòn lan nèt, li touye ak kout nepe tout jenngason yo.

28Mesye fè yon sèl lapèrèz pran tout moun ki rete bò lanmè Mediterane a. Yo tout t'ap tranble nan kanson yo. Tout moun lavil Tir, lavil Sidon, lavil Sou, lavil Okina, lavil Jamnya, lavil Asdòd ak lavil Askalon te gen gwo lapèrèz tou poutèt Olofèn.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help