1Vwala se te sou reny wa Asyeris. li yo: Se te Mayouman, Bizta, Abona, Bigta, Abogta, Zeta ak Kakas.
11Li Estè 2.17 ba yo lòd pou y'al chache larenn Vachti ak tout kouwòn li sou tèt li. Larenn lan te yon bèl fanm. Wa a te vle fè pèp la ak tout chèf li yo wè jan li bèl.
12Men lè nèg konfyans yo al di larenn Vachti lòd wa a te ba yo a, li derefize vini. Sa te fè wa a fache. Li te move anpil.
13Se Da 2.12,13; 4.6,7; Mat 2.1 te lakoutim lè sa a. Chak fwa wa a te gen yon bagay pou li regle, li toujou pran konsèy nan men moun ki konnen sa ki dwat ak sa lalwa mande. Se konsa, wa a fè chache konseye li yo pou yo di li sa pou li fè.
14Men 2 Wa 25.19; Esd 7.14 konseye ki te pi pre l yo se te Kachna, Cheta, Admata, Tachich, Meris, Masena ak Mimoukan, sèt gwo chèf ki te sòti nan peyi Pès ak nan peyi Medi ki te gendwa wè wa a lè yo vle. Lèfini, se yo ki te gen premye plas nan gouvènman an.
15Wa a di yo konsa:
— Dapre lalwa, kisa pou m fè larenn Vachti? Mwen voye nèg konfyans mwen yo al ba li yon lòd, li derefize obeyi m.
16Lè sa a Mimoukan pran lapawòl devan wa a ak tout lòt chèf yo, li di konsa:
— Se pa sèlman wa a larenn Vachti manke dega. Se tout chèf ak tout gason k'ap viv nan tout peyi ki sou lòd wa a li manke dega.
17Lè medam yo va konnen sa larenn Vachti fè a, yo tout yo pral pran mari yo pou bòbòy. Y'ap di: Wa Asyeris ki wa Asyeris, li te bay larenn Vachti lòd pou vin bò kote l, larenn lan te derefize!
18Lè madanm chèf peyi Pès ak peyi Medi yo va konnen sa larenn lan fè la a, se sa ase yo pral pale nan zòrèy mari yo depi jòdi a menm. Lè sa a, toupatou medanm yo p'ap respekte mari yo ankò. Mari yo menm pral fè kòlè sou madanm yo.
19Si Estè 8.8; Da 6.8 wa a dakò, se pou l fè yon deklarasyon pou l fè tout moun konnen larenn Vachti pa janm gendwa parèt devan l ankò. Li pral chwazi yon lòt madanm pi bon pase l mete larenn nan plas li. Lèfini, l'a fè ekri lòd sa a nan liv lalwa peyi Pès ak peyi Medi a, pou yo pa janm chanje l.
20Y'a Ef 5.22; Kol 3.18; 1 Tim 2.12; 1 Pyè 3.1 pibliye lòd wa a nan tout gwo peyi ou la pou tout moun konnen. Lè sa a, mesye yote mèt grannèg, yo te mèt malere, madanm yo va gen respè pou yo.
21Wa a ansanm ak chèf yo te renmen lide Mimoukan te bay la. Se konsa wa a fè sa Mimoukan te di fè a.
22Li Estè 3.12; 8.9 voye mesay nan tout peyi ki te anba baton kòmandman l lan. Mesay la te ekri nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Li voye di se pou chak gason chèf lakay yo: Lè yo pale, se fini!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.