1Lwanj Sòm 104.35; 113.1 pou Senyè a!
Fè lwanj Senyè a!
Nou tout k'ap sèvi Senyè a,
2nou Det 10.8; Sòm 92.13 tout ki kanpe lakay li,
nan kote ki apa pou Bondye nou an,
fè lwanj li!
3Fè Sòm 100.5; 147.1 lwanj Senyè a, paske li gen bon kè!
Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou.
4Se Egz 19.5; Det 7.6,7 li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l,
se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li.
5Mwen Egz 18.11; Sòm 95.3 konnen Senyè nou an gen gwo pouvwa.
Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo.
6Li Sòm 115.3 fè sa li vle nan syèl ak sou latè,
sou lanmè ak nan fon lanmè.
7Li Jòb 38.22,25; Jer 10.13; Zak 10.1 fè nyaj yo leve kote syèl la kole ak latè a,
li fè zèklè ak lapli,
li fè van yo sòti kote li sere yo a.
8Se Egz 12.29; Sòm 78.51 li menm ki te touye tout premye pitit gason
ak tout premye pòte mal zannimo nan peyi Lejip.
9Se Det 6.22 li ki te fè anpil mirak ak mèvèy
nan peyi Lejip pou pini Farawon an ansanm ak tout moun k'ap sèvi l yo.
10Li Sòm 136.17-22 detwi anpil nasyon,
li touye wa ki te gen pouvwa:
11Siyon, Nonb 21.21-26,33-35; Joz 12.7-24 wa peyi Amon an,
Og, wa peyi Bazan an
ansanm ak tout wa nan peyi Kanaran yo.
12Li Joz 23.4,5 pran peyi yo, li bay pèp li a,
wi, li bay moun pèp Izrayèl yo peyi moun sa yo pou yo rete.
13Senyè, Egz 3.15; Sòm 102.12 lèzòm ap toujou konnen ki moun ou ye.
Yo p'ap janm bliye ou!
14Senyè a Det 32.36; Sòm 90.13 va pran defans pèp li a,
l'a gen pitye pou moun k'ap sèvi l yo.
15Zidòl Sòm 115.4-8 nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò.
Se moun ki fè yo ak men yo.
16Yo gen bouch, men yo pa ka pale.
Yo gen je, men yo pa ka wè.
17Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande.
Yo pa gen yon ti souf nan bouch yo.
18Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo,
se pou yo tounen tankou yo.
19Nou Sòm 115.9-11 menm, pèp Izrayèl la, fè lwanj Senyè a!
Nou menm, prèt Bondye yo, fè lwanj Senyè a!
20Nou menm k'ap sèvi nan Tanp li a, fè lwanj Senyè a!
Nou tout ki gen krentif pou Senyè a, fè lwanj li!
21 Sòm 132.14 Fè lwanj Senyè a nan peyi Siyon.
Nan lavil Jerizalèm, kote l rete a.
Lwanj pou Senyè a!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.