Jij 13 - 1998 Haitian Creole

Nesans Samson

1Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse yo l'ap ye. Se li menm ki pral konmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo.

6Apre Jij 13.17,18 sa, madanm lan antre al di mari l:

— Yon moun Bondye te vin bò kote m. Lè mwen gade l, pou jan li te fè m pè a ou ta di yon mesaje Bondye. Mwen pa mande l kote l sòti, ni li pa ban m non li.

7Li di m konsa: Ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm bwè diven, ni okenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Ni piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Paske pitit gason ou lan pral viv apa pou Bondye tankou nazirit yo depi nan vant manman l jouk jou li mouri.

8Lè sa a, Manoak lapriyè Senyè a, li di:

— Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la.

9Bondye fè sa Manoak te mande l la vre. Epi mesaje Bondye a vin bò kote madanm lan ki te chita nan yon jaden. Manoak, mari a, pat avè l.

10Madanm lan prese kouri al bay mari l nouvèl la. Li di li konsa:

— Men moun ki te vin bò kote m lòt jou a parèt devan m ankò.

11Manoak leve, li swiv madanm li. L'al jwenn nonm lan, epi li di l:

— Se ou menm ki te pale ak madanm sa a?

Li reponn:

— Wi, se mwen.

12— Manoak Lik 1.66 di l:

— Bon. Lè tou sa ou di yo va rive, kijan pou m elve ti pitit la? Kisa pou l fè ak sa pou l pa fè?

13Mesaje Senyè a di Manoak konsa:

— Se pou madanm ou fè tou sa mwen di l fè a.

14Piga Jij 13.4,7 li janm manje anyen ki fèt avèk rezen. Piga li janm bwè diven ni okenn lòt bweson ki pou fè l sou. Piga li janm manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Se pou li fè tou sa mwen mande l fè a.

15Manoak Jen 18.5-8; Jij 6.19 di mesaje Senyè a:

— Tanpri, poko ale. Kite nou kwit yon jenn ti kabrit pou ou.

16Mesaje Senyè a di Manoak konsa:

— Menm si mwen rete mwen p'ap manje manje w'ap ban mwen an. Men si ou vle, touye yon ti kabrit, boule l nan dife tankou yon ofrann pou Senyè a.

Manoak pat ankò konnen si se te yon mesaje Senyè a ki te devan l.

17Manoak Jij 13.6 di mesaje Senyè a:

— Di nou ki jan ou rele pou nou ka fè lwanj pou ou lè pawòl ou di yo va rive vre.

18Mesaje Jen 32.29; Eza 9.6; Rev 19.12 Senyè a di l:

— Poukisa nou vle konnen non m? Non m se yon mèvèy.

19Manoak Jij 6.19-21 pran jenn ti kabrit la ak kèk grenn jaden, li mete yo sou lotèl wòch la, li ofri yo pou Senyè a ki fè yon mèvèy devan Manoak ak madanm li ki te rete la ap gade.

20Pandan Lev 9.24; 1 Kwo 21.16; Eze 1.28; Mat 17.6; Rev 1.17 flanm dife yo t'ap sòti sou lotèl la moute nan syèl la, Manoak ak madanm li wè mesaje Senyè a moute nan syèl la nan flanm dife a. Lè yo wè sa, yo lage kò yo fas atè.

21Manoak Jij 6.22 ak madanm li pa janm wè mesaje Bondye a ankò. Se lè sa a, Manoak vin konprann se te yon mesaje Senyè a ki te parèt devan yo a.

22Lè Jen 32.30; Egz 33.20 sa a, Manoak di madanm li:

— Nou pral mouri, paske nou wè Bondye!

23Madanm lan di l:

— Si Senyè a te vle touye nou, li pa ta asepte ofrann nou fè pou li yo. Li pa ta fè nou wè tout bagay sa yo, ni li pa ta fè nou tande tout pawòl sa yo.

24Apre 1 Sam 2.21; 3.19; Lik 1.80; 2.52; Eb 11.32 sa, madanm lan fè yon pitit gason, li rele l Samson. Pitit la grandi, Senyè a te beni l.

25Epi Jij 3.10 lespri Senyè a konmanse travay nan li antan li te nan kan moun Dann yo, ant Soreja ak Echtawòl.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help