Sòm 129 - 1998 Haitian Creole

SÒM 129 (128)Wont pou lènmi pèp Izrayèl la(1a) Se Egz 1.14; Sòm 124.1; Jer 2.2; Oze 2.15 yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.

1(1b) Nou menm, pèp Izrayèl

se pou nou rekonèt sa:

Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.

2Wi, 2 Kor 4.8,9 depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou,

men yo pat janm rive mete pye sou kou nou.

3Yo Eza 51.23; Mi 3.12 tonbe sou do nou,

ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.

4Men, Senyè a pa nan patipri,

li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.

5Moun Sòm 35.4 ki pa vle wè moun Siyon yo,

se pou yo wont, se pou yo fè bak.

6Se 2 Wa 19.26; Jòb 8.12 pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi:

y'ap cheche anvan menm yo donnen.

7Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm,

moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.

8Moun Rit 2.4; Sòm 118.26 k'ap pase bò la yo p'ap di:

— Se pou Senyè a beni nou!

N'ap beni ou nan non Senyè a!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help