1Moyiz sanble tout pèp Izrayèl la, li di Egz 34.32 yo:
— Men sa Senyè a bay lòd pou nou fè.
2N'a Egz 31.14,15 travay sis jou. Men se pou nou konsakre setyèm jou a pou Bondye. Se jou repo ki apa pou Senyè a. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye li.
3Ata Egz 16.23 dife piga nou limen nan okenn kay jou repo a.
Ofrann batisman kay Bondye a(Egzòd 25.1-9)4Moyiz Egz 25.1 pale ak tout pèp Izrayèl la ki te sanble, li di yo:
— Men sa Senyè a ban nou lòd fè:
5Se Egz 25.2-7 pou nou pran nan sa nou genyen pou fè ofrann pou Senyè a. Tout moun ki vle bay ak tout kè yo pou fè yon ofrann pou Senyè a va fè l. Y'a pote lò, ajan ak kwiv,
6bon twal siperyè koulè vyolèt, ble ak wouj, twal fen blan ak twal pwès fèt ak pwal kabrit,
7po belye tenn koulè wouj, po bazann, ak bwa zakasya,
8lwil pou lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lwil yo sèvi pou konsakre moun pou Bondye a ak lansan an,
9pyè oniks ak lòt pyè pou gani jile ak plastwon prèt la.
Mèb kay Bondye a(Egzòd 39.42-43)10Se Egz 31.6 pou tout moun pami nou ki gen ladrès vin jwenn mwen pou yo fè travay Senyè a bay lòd fè a:
11kay Egz 26.1-30 Bondye a avèk tant lan, twati li, kwòk li yo, ankadreman li yo, travès li yo, poto li yo ak tout sipò yo,
12Bwat Egz 25.10-22; 26.31-33 kontra a ak manch li yo, kouvèti bwat la, ak rido pou kache bwat la,
13tab Egz 25.23-30 la avèk manch li yo ansanm ak tout bagay pou sèvi ak li, ak pen yo ofri bay Bondye a tou,
14gwo Egz 25.31-39; 27.20 lanp sèt branch lan ak tout bagay ki sèvi avè l yo, tèt lanp yo ak lwil pou lanp yo,
15lotèl Egz 26.36; 30.1-10,23-33,34-38 pou boule lansan an ak tout manch li yo, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, lansan santi bon, rido pou fèmen kote yo antre nan tant lan,
16lotèl Egz 27.1-8; 30.18-21 pou boule nan dife bèt yo ofri bay Bondye, avèk griyaj an kwiv li a, ak tout manch li yo ak tout bagay ki pou sèvi avè l yo, basin lan ak tout pye li,
17rido Egz 27.9-17 pou galeri a ak poto l yo ak tout sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre nan galeri a,
18dis Egz 27.19 pikèt ak tout kòd pou tant lan ak galeri a,
19bèl Egz 28.2-43 rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, ak rad pou pitit gason l yo lè y'ap fè travay prèt yo.
Ofrann pèp la20Lè Moyiz fin di yo sa, tout pèp Izrayèl la al lakay yo.
21Apre Egz 25.2 sa, tout moun ki te sòti pou bay ak tout kè yo, ki te vle fè ofrann, tounen vin jwenn li. Yo te pran nan sa yo genyen, yo pote ofri bay Senyè a pou fè Tant Randevou a, pou fè tout bagay yo bezwen pou sèvis li ansanm ak rad seremoni yo.
22Tout moun ki te sòti pou bay ak tout kè yo pou fè ofrann, fanm kou gason, yo vini, yo pote zanno, bag, kolye, brasle ak tout kalite bijou an lò. Chak moun te pote bijou an lò yo te mete apa pou Bondye.
23Tout moun ki te gen bon twal siperyè koulè ble, koule vyolèt osinon koulè wouj, twal fen blan, twal pwès fèt ak pwal kabrit, po belye tenn koulè wouj, ou ankò po bazann, tout moun ki te gen bagay sa yo lakay yo pote yo vini.
24Tout moun ki te vle ofri ajan ak kwiv devan Senyè a, yo te pote l, yo te leve l devan Senyè a. Tout moun ki te gen bwa zakasya lakay yo ki te ka sèvi nan travay la te pote l.
25Tout fanm ki te gen ladrès te file fil koulè ble, vyolèt ak wouj, ak twal fen koulè blan, epi yo pote yo vini.
26Tout fanm ki te sòti pou fè kichòy ak tout kè yo te fè twal pwès ak pwal kabrit, yo pote yo vini tou.
27Chèf 1 Kwo 29.6-8; Esd 2.68 yo menm te pote pyè oniks ak lòt pyè pou yo gani jile ak plastwon prèt la,
28ansanm ak epis santi bon ak lwil pou lanp sèt branch lan, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou Bondye, ak lansan santi bon.
29Se 1 Kwo 29.9 konsa tout moun pèp Izrayèl ki te sòti pou bay kichòy ak tout kè yo pou travay Senyè a te di Moyiz ba yo lòd fè a, fanm kou gason, yo te pote ofrann yo te vle fè bay Senyè a.
Ouvriye batisman kay Bondye a(Egzòd 31.1-11)30Moyiz Egz 31.1-6 di pèp Izrayèl la:
— Gade. Senyè a chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri a, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a.
31Li mete lespri l sou li an kantite pou l ba li ladrès, konesans ak bon konprann pou l fè tout kalite travay atizan yo konn fè a,
32pou l konn fè bèl desen, pou l fè travay an lò, an ajan ak an kwiv,
33pou l travay pyè tankou ofèv yo konn fè a, epi pou l konn moute yo, pou l travay bwa, pou l ka fè tout kalite travay atizan konn fè.
34Bondye ba li don pou l moutre lòt moun metye sa yo. Se menm jan an tou pou Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan.
35Senyè a ba yo konesans ak ladrès pou yo ka fè tout kalite travay atizan ka fè, desen sou bwa, bon twal koulè ble, vyolèt ak wouj, twal fen blan. Wi, li ba yo ladrès pou yo ka fè tout metye, pou yo ka fè tout kalite bèl bagay.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.