Sòm 60 - 1998 Haitian Creole

SÒM 60 (59)Lapriyè pou mande delivrans(Sòm 108.6-13)(1) Pou Sòm 44.9 chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon chante David te fè pou moutre moun anpil bagay.(2) Li 2 Kwo 7.14 te ekri l lè li t'ap fè lagè ak moun Aram yo ki te sòti nan peyi Naarayen ak peyi Soba. Sa te rive aprè Joab te tounen nan batay la pou l te touye douz mil (12.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la.

1(3) Bondye, Jòb 21.20; Sòm 71.20; Eza 51.17 ou vire do ban nou.

Ou gaye nou toupatou.

Ou te fache ak nou.

Tanpri, fè nou kanpe ankò!

2(4) Ou Sòm 20.5; Eza 11.10,12 fè peyi a tranble, ou mete l tèt anba.

Mete l sou de pye l ankò, paske li prèt pou tonbe nèt.

3(5) Ou Sòm 108.6-13 kite pèp ou a pase anba kont tray li.

Ou ba li bwè yon bweson ki fè tèt li vire.

4(6) Ou Jen 33.17; Sòm 89.35 bay moun ki gen krentif pou ou yo yon drapo,

pou lè batay la yo jwenn kote pou yo kache.

5(7) Delivre Jen 49.10; Nonb 32.1; Det 33.17 nou ak pouvwa ou.

Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou,

pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.

6(8) Bondye 2 Sam 8.1,2,14 rete kote ki apa pou li a, li di:

— Mwen kontan anpil.

Mwen pral separe lavil Sichèm.

Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt.

7(9) Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou.

M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen.

Peyi Jida, se baton kòmandman mwen li ye.

8(10) Men m'ap fè peyi Mowab sèvi ganmèl pou m'lave pye m'.

M'ap fè Edon konnen se mwen ki mèt li.

Pou peyi Filisti menm, m'kriye viktwa sou li.

9(11) Ki Sòm 146.3 moun ki pou mennen m nan lavil ki byen gade a?

Ki moun ki pou mennen m lavil Edon?

10(12) Eske Sòm 44.5; 118.15,16; Eza 63.3 se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen,

ou menm ki te vire do ban nou,

ou menm ki pa sòti ansanm ak lame nou yo ankò?

11(13) Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo,

paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch.

12(14) Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè.

Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help