Tobi 9 - 1998 Haitian Creole

Rafayèl al chache lajan an kay Gabayèl

1Lè sa a, Tobiyas rele Rafayèl, li di l konsa:

2— Azaryas, frè mwen! Pran kat domestik avè ou ansanm ak de chamo, ale lakay Gabayèl lavil Ragès. W'a ba li papye depo a pou l ka renmèt ou lajan an. Lèfini, tounen ak Gabayèl pou nòs la.

3-4Pou yonn, ou konnen papa m ap konte jou konsa jouk mwen tounen. Si mwen pran yon jou reta, sa pral fè l lapenn anpil. Pou de, ou tande jan Ragwèl fè gwo sèman pou l fè m rete, m pa ka fè l wont.

5Se konsa Rafayèl leve ak kat nan domestik yo, y'ale ak de chamo lavil Ragès nan peyi Medi. Lè yo rive, yo fè ladesant kay Gabayèl. Rafayèl ba li papye depo a, epi li fè l konnen Tobiyas, pitit gason Tobi a, te fenk marye, li te voye envite l nan resèpsyon nòs la. Lamenm Gabayèl konte sak lajan yo ki te tou sele toujou, epi yo chaje yo sou chamo yo.

6Nan denmen maten, yo pati byen bonè pou y'ale nan resèpsyon nòs la. Lè Rafayèl ak Gabayèl rive lakay Ragwèl, yo jwenn Tobiyas t'ap manje. Lamenm Tobiyas leve, l'al di Gabayèl bonjou. Dlo t'ap koule nan je Gabayèl ki rele benediksyon Bondye sou Tobiyas, li t'ap di konsa:

— Ou se bon pitit papa ou ki yon bon moun, ki mache dwat, epi ki gen kè nan men. Se pou Bondye, Granmèt ki nan syèl la, beni ni ou ni madanm ou, ni papa ou, ni manman madanm ou. Mèsi Bondye dèske ou fè m wè pitit Tobi, kouzen m lan, ki sanble tèt koupe ak papa l!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help