1Malè p'ap rive moun ki gen krentif pou Granmèt la.
Chak fwa li anba tray, l'ap jwenn delivrans.
2Moun ki rayi lalwa Bondye a pa gen bon konprann.
Men, moun k'ap aji ipokrit ak lalwa a ap tankou yon batiman nan van tanpèt sou lanmè.
3Moun ki gen konprann ap mete konfyans yo nan lalwa.
Y'ap konsidere lalwa a tankou prediksyon Bondye fè ki gen pou rive vre.
4Pare sa ou pral di, konsa moun va koute ou.
Repase tou sa ou konnen anvan ou reponn.
5Lespri moun sòt travay tankou yon wou kabwèt.
Lide nan tèt yo ap woule fè wonn san rete.
6Zanmi k'ap pase zanmi yo nan betiz se tankou yon poulen grennen.
Nenpòt moun ki moute l, l'ap toujou ranni.
Tout moun pa menm7Ki jan fè gen jou ki pi konsekan pase lòt,
si se menm solèy la ki bay limyè tout lanne an?
8Se paske se Granmèt la, nan bon konprann li, ki fè jou yo pa menm.
Se li menm ki mete sezon ak jou fèt.
9Gen jou li bay plis enpòtans, li mete yo apa.
Gen lòt li kite pase tankou tout jou òdinè yo.
10Se nan labou tout moun sòti.
Se ak pousyè latè Bondye te fè Adan.
11Men Bondye, nan bon konprann li, fè tout moun pa menm.
Li ba yo chak yon travay apa pou yo fè.
12Gen ladan yo li beni, li ba yo gwo pozisyon.
Gen lòt li mete apa pou yo ka rete bò kote l.
Genyen li bay madichon, li fè yo wont,
li wete yo nan bèl pozisyon kote yo te ye a.
13Tankou labou nan men bòs atizan k'ap fè potri yo,
se bòs yo ki ba li fòm jan yo vle.
Se konsa moun ye nan men Bondye ki kreye yo.
Se li k'ap ba yo sa yo merite dapre jistis pa l.
14Anfas sa ki mal, gen sa ki byen. Anfas lanmò, gen lavi.
Anfas moun k'ap sèvi Bondye, gen moun k'ap fè peche.
15Gade byen tou sa Bondye ki anwo nan syèl la fè.
Yo mache de pa de, yonn anfas lòt.
16Mwen menm pou tèt pa m, se tankou moun k'ap leve gad nan pòs la an dènye mwen ye.
Mwen tankou moun k'ap mache nan jaden rezen ranmase sa ki rete apre rekòt la fin fèt.
17Avèk benediksyon Granmèt la m'ap rive anvan tout moun.
Tankou moun ki ta pral rekòlte yo, mwen plen basen rezen mwen yo.
18Men tou, se pa pou tèt pa m ase mwen te travay fè tout travay sa a,
men pou tout moun k'ap chache konnen.
19Koute m non, nou menm gwo chèf pèp la.
Pare zòrèy nou tande, nou menm k'ap dirije asanble yo.
Jan pou nou mennen kay nou20Pa bay ni pitit gason ou, ni madanm ou, ni frè ou,
ni zanmi ou pye sou ou pandan tout lavi ou.
Pa bay pèsonn byen ki pou ou. Ou ka regrèt ou te bay li, pou lè sa a w'ap mande pou yo renmèt ou li.
21Toutotan w'ap viv, toutotan ou gen souf ou sou ou,
pa kite pèsonn ap mennen ou.
22Pito se timoun ou yo k'ap mande ou
pase pou se ou menm k'ap tann konsa yo fè pou ou.
23Nan tou sa w'ap fè, se ou ki pou konnen sa ou vle.
Pa bay pèsonn chans pou yo nonmen nou ou an mal.
24Lè w'a rive sou dènye jou ou,
lè ou pral mouri, w''a separe byen ou yo.
Jan pou ou boule ak esklav ou yo25Zèb, baton ak chay se pou bourik.
Manje, pinisyon, travay se pou moun k'ap sèvi ou.
26Bay esklav ou travay pou li fè: wap gen lapè.
Pa ba li anyen pou l fè: l'ap chache sòti nan esklavaj la.
27Ou jouke yon bèt, ou bride l pou ou ka donte li.
Yon move esklav, se pou ou matirize l, se pou ou pase l anba chaplèt.
28Ba li travay pou li fè pou li pa rete ap kalewès.
Nan kalewès sa a, l'ap aprann fè tout kalite move plan.
29Ba li travay li ka fè.
Si li pa vle obeyi ou, mete l nan sèp.
30Men, pa janm twò rèd ak pèsonn.
Pa fè anyen ou pa gendwa fè.
31Si se yon sèl grenn esklav ou genyen, sèvi avè l tankou ou sèvi ak tèt pa ou.
Ou achte l ak lajan ou travay di pou fè.
32Si se yon sèl grenn esklav ou genyen, aji avè l tankou yon frè.
W'ap bezwen l tankou w'ap bezwen tèt ou.
33Si ou maltrete l epi li sove,
kibò ou pral chache li?
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.