1 Sòm 106.1 Di Bondye mèsi paske li gen bon kè.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
2 Det 10.17; Rev 17.14 Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
3Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
4Se Sòm 72.18 li menm sèl ki fè gwo mèvèy.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
5Avèk Jen 1.1; Pwo 3.19; Jer 10.12 bon konprann li, li tè fè syèl la.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
6Li Jen 1.6; Sòm 24.2; Eza 42.5 bati tè a sou dlo yo.
Non, li p'ap janm sispann
renmen nou:
7Se Jen 1.16 li ki kreye lalin ak solèy.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
8Solèy pou klere lajounen.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
9Lalin ak zetwal pou klere lannwit.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
10Se Egz 12.29; Sòm 78.51 li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
11Li Egz 12.51 fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
12Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
13Se Egz 14.21,22; Sòm 78.13 li menm ki te fann lanmè wouj la fè de.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
14Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
15Men, Egz 14.27 li pouse farawon an ak tout lame li a nan mitan Lanmè Wouj la.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
16Se Det 8.15 li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan dezè a.
Non, li p'ap janm sispann po renmen nou!
17Li Sòm 135.10-12 kraze wa ki te gen pouvwa.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
18Li kraze wa ki te gen pouvwa.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
19Siyon, wa Amon an.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
20Og, wa peyi Bazan an.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
21Li pran peyi yo, li bay pèp li a.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
22Li bay moun Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
23Li pa te bliye nou lè nou te anba kou.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
24Li Sòm 107.2 delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
25Se Sòm 104.27 li ki bay tout moun ak tout bèt manje.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
26 Esd 5.12; Ney 1.4 Di Bondye nan syèl la mèsi.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.