Chirasid 11 - 1998 Haitian Creole

Pa gade sou aparans

1Yon pòv ki gen bon konprann va mache tèt wo.

L'ap chita nan mitan grannèg.

2Pa fè yon moun konpliman pou jan li bèl.

Konsa tou, pa meprize yon moun ki lèd.

3Myèl se yonn nan pi piti bètazèl ki genyen.

Men siwo li bay la, pa gen pi dous pase l.

4Pa pase moun ki mal abiye nan betiz.

Pa pase nan rizib yon moun ki dekouraje ak lavi.

Paske Granmèt la fè bèl bagay ki kache pou moun pa wè.

5Gen anpil wa ki fini mal.

Lèfini, se moun nou pa te janm konnen ki pote kouwòn lan nan plas yo.

6Gen anpil chèf yo trennen nan labou.

Gen anpil moun ki gen non yo nan bouch tout moun epi ki tonbe anba pouvwa lòt moun.

Pa janm prese fè anyen

7Anvan ou kritike, chache konnen bagay la ben.

Kalkile anvan. Apre sa, w'a fè repwòch.

8Pa reponn anvan ou fin tande sa moun ap di ou.

Pa dekoupe yon moun k'ap pale.

9Pa ranmase yon kòz ki pa gade ou.

Pa foure bouch ou nan kont moun k'ap fè kokenn.

10Pitit mwen, pa seye fè twòp bagay anmenmtan.

Si ou seye fè sa, ou p'ap sòti sennesòf.

Ou te mèt prese, ou p'ap janm rive fini.

Si ou kouri pou travay la, ou p'ap ka chape.

11Gen moun yo te mèt travay di, yo te mèt bat kò yo, yo te mèt prese kont prese yo,

se chak jou y'ap pi anreta sou travay yo.

Konfyans nan Bondye sèl ka ede nou

12Pran yon pòv malere san sekou. Li ka dousman nan travay li, li ka bezwen lasistans.

Men, Granmèt la ap voye je sou li, l'ap fè l favè,

l'ap wete l nan mizè kote li ye a.

13L'ap fè l leve tèt li.

Anpil moun va sezi wè sa.

14Tout bagay sòti nan men Granmèt la,

kit sa ki byen, kit sa ki mal.

Li bay lavi, li bay lanmò.

Se li ki fè moun pòv, se li ki fè moun rich.

17Kado Granmèt la bay moun k'ap sèvi l yo se kado k'ap la pou tou tan.

L'ap toujou renmen yo, l'ap fè zafè yo toujou mache byen.

18Gen moun ki travay di, k'ap sere lajan pou yo ka rich.

Men rekonpans ki pare pou yo:

19Lè yo rete ap di nan kè yo: Kounyeya mwen mèt poze kè m, mwen pral jwi sa m te travay fè a,

se konnen yo pa konnen konbe tan ki rete yo pou yo viv.

Yo gen pou yo mouri, pou yo kite byen yo pou lòt moun.

20Fè travay ou gen pou fè a. Pran san ou pou ou fè l ak kè kontan.

Fè travay ou jouk ou fin granmoun ladan l.

21Pa anvye sa ou wè moun k'ap fè peche yo ap fè.

Mete konfyans ou nan Granmèt la.

Epi, fè travay ou gen pou fè a.

Se bagay fasil pou Granmèt la pou l fè yon pòv rete konsa li rich.

22Rekonpans moun ki sèvi Bondye yo se benediksyon Granmèt la va ba yo.

Benediksyon sa a, Granmèt la ka ba yo l lapoula.

23Pa rete ap di ou gen tou sa ou te bezwen.

Ou pa manke anyen pou denmen.

24Pa rete ap di ou gen kont ou.

Pa gen malè ki ka rive ou.

25Jou kè ou kontan, ou pa chonje malè.

Jou malè tonbe sou ou, ou bliye jou kè ou te kontan an.

26Se bagay fasil pou Granmèt la pou l tann jou lanmò yon moun

pou l ba li sa li merite dapre sa li fè.

27Yon sèl ti kadè pase nan mizè kont pou fè yon moun bliye tout jwisans li te genyen.

Se lè lanmò pral pase men l pran yon moun li fè konnen kalite zak moun lan te konn fè.

28Pa prese di yon moun byen viv anvan li mouri.

Paske, se lè li mouri w'a konnen kimoun li te ye. Veye kò ou ak mechan yo

29Pa envite nenpòt moun vin lakay ou,

paske moun entelijan yo gen plan nan tout kò yo.

30Lide ki nan tèt yon moun ògeye se tankou yon zwazo yo mete nan pèlen pou rale lòt zwazo.

Li tankou yon espyon k'ap tann yon jwenn pou fè ou tonbe.

31Moun ki gen move lang fè sa ki bon pase pou pa bon.

Ou te mèt bon kou ou bon, yo toujou jwenn yon defo pou yo ba ou pote.

32Yon ti tensèl dife ka limen yon gwo boukan.

Moun k'ap fè peche ap tann okazyon pou fè san koule.

33Veye kò ou ak mechan yo paske y'ap konplote pou fè sa ki mal.

Atansyon pou yo pa fini nèt avè ou pou tout tan.

34Si ou mennen yon etranje anndan lakay ou, l'ap mete kont nan fanmi ou,

l'ap fè tout moun nan kay la pa vle wè ou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help