Ezekyèl 36 - 1998 Haitian Creole

Pèp Izrayèl gen pou l kanpe ankò

1Senyè a di mwen ankò:

— Koulyeya, ras Adan! Men mesaj pou bay moun Izrayèl yo, koute sa Senyè a voye di nou.

2Wi,

18Se Eze 16.36 poutèt sa mwen fè yo santi jan mwen ka move sou yo, paske yo te fè anpil san koule nan peyi a, yo te mete zidòl toupatou. Konsa yo te mete peyi a nan kondisyon pou l pat ka fè sèvis pou mwen ankò.

19Mwen Eze 18.30; 22.15 gaye yo nan mitan lòt nasyon yo. Mwen simaye yo nan tout peyi etranje yo. Mwen pini yo pou jan yo te mennen bak yo mal ak pou tou sa yo te fè.

20Nan Eza 52.5; Wòm 2.24 tout peyi kote yo rive, yo lakòz moun derespekte non mwen ki yon non apa. Yo fè moun ap di sou yo: Men pèp Senyè a wi! Yo blije sòti kite peyi li te ba yo a!

21Sa Eze 20.9 te ban m tèt chaje pou m te wè jan moun pèp Izrayèl yo te lakòz moun t'ap derespekte non m nan tout peyi kote yo pase.

22Se Det 9.5; Sòm 106.8 poutèt sa, w'a di moun pèp Izrayèl yo: Men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Sa m pral fè a, se pa pou tèt nou m'ap fè l, tande. Se poutèt non mwen ki yon non apa, non nou te trennen nan labou nan tout peyi kote nou pase yo.

23Menm Eze 20.41; 38.23 jan nou te trennen non m nan labou nan mitan lòt nasyon yo, konsa m pral sèvi ak nou pou fè lòt nasyon yo wè jan m gen pouvwa, jan m se yon Bondye ki apa. Lè sa a, nasyon yo va konnen se mwen menm ki Senyè a.

24M'ap Eze 34.13 wete nou nan mitan nasyon yo, m'ap sanble nou sòti nan tout peyi yo, m'ap mennen nou tounen nan peyi pa nou an.

25M'ap Eza 4.4; Jer 33.8; Eze 37.23; Eb 10.22 benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m, m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.

26M'ap Eze 11.19; 2 Kor 3.3 mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m pale nou.

27M'ap Eze 11.20; 37.14,24 mete Lespri m nan nou, konsa m'ap fè nou mache dwat dapre lòd mwen ban nou, pou nou fè tou sa mwen mande nou fè. N'a kenbe prensip mwen yo.

28Lè Jer 30.22; Eze 28.25 sa a, n'a rete nan peyi mwen te bay zansèt nou yo. Se nou menm ki pral pèp ki rele m pa mwen. Mwen menm se Bondye nou m'ap ye.

29M'ap Eze 34.29; 37.23; Jowèl 2.19 delivre nou anba tout vye bagay mal nou t'ap fè yo. M'ap bay ble yo lòd pou yo donnen anpil. Konsa mwen p'ap janm voye grangou sou nou ankò.

30M'ap Eze 34.27 fè pye fwi nou yo ak jaden nou yo donnen an kantite. Konsa, nou p'ap nan grangou, nou p'ap wont ankò devan lòt nasyon yo.

31Lè Eze 6.9 sa a, n'a chonje jan nou te mennen bak nou mal, jan nou te fè sa ki pat bon menm. Nou pral gen degoutans pou tèt nou paske nou te fè mechanste ak anpil bagay lèd devan Bondye.

32Nou menm, moun Izrayèl yo, men sa Senyè sèl Mèt la di nou: Mwen vle fè nou konnen se pa poutèt nou m'ap fè sa m'ap fè a. Non! Okontrè, se wont pou nou ta wont, se bese pou nou ta bese je nou pou sa nou te fè.

33Men Eze 36.10 sa Senyè sèl Mèt la di: Jou m'a mete nou nan kondisyon pou sèvi m lan, lè m'a wete nou anba tout peche nou yo, m'a kite nou al rete nan lavil nou yo, m'a kite nou rebati kay kraze nou yo.

34Tout Eze 36.9 moun k'ap pase bò jaden nou yo te wè jan yo te ravaje, jan yo te tounen dezè. Men, mwen pral fè nou travay jaden nou yo ankò.

35Konsa Eza 51.3 tout moun va di: Gade peyi ki te ravaje a non! Kounyeya, li tounen yon bèl jaden tankou jaden Edenn lan. Gade jan lavil ki te fin kraze, piye, demoli yo tounen bèl lavil ak gwo ranpa plen moun non!

36Lè Sòm 126.2; Eze 17.24 sa a, rès moun lòt nasyon sou fontyè nou yo ki chape anba lanmò va konnen se mwen menm, Senyè a, ki rebati tout lavil ki te kraze yo, se mwen menm ki replante jaden ki te ravaje yo. Se mwen menm, Senyè a, ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l!

37Senyè Eze 14.3; 34.31; 36.10 sèl Mèt la pale, li di: M'ap kite moun pèp Izrayèl yo vin mande m sekou. M'ap kite yo peple tankou yon bann mouton.

38Lavil ki te fin kraze yo pral plen moun tankou lavil Jerizalèm plen mouton yo mennen pou touye pou Bondye lè jou fèt yo. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Senyè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help