1 Mwen menm Danyèl, mwen fè yon lòt vizyon ankò apre premye vizyon sa a. Lè sa a, Bèlchaza t'ap mache sou twazan depi li te wa.
2Nan
10Li Li fè sòlda lame li yo al moute kan yo kote yo te konn ofri bèt pou touye pou Bondye a. Ti kòn lan voye bon relijyon Bondye a jete atè, li te rive nan tou sa l'ap fè.
13Apre Da 4.13; 9.24-27 sa, mwen tande yon zanj pale ak yon lòt zanj, li di li:
— Kilè sa yo bay nan vizyon an va rive? Kilè y'a sispann fè gwo peche sa a nan plas ofrann bèt ki pou fèt chak jou a? Kilè y'a sispann pilonnen lame ki nan syèl la ak Tanp Bondye a anba pye yo?
14Lòt zanj lan reponn:
— Se pou nou tann mil sansenkant (1150) jou ankò pase anvan yo rekonmanse ak ofrann bèt pou Bondye yo. Se lè sa a Bondye va rebati Tanp li a ankò.
Zanj Gabriyèl esplike Danyèl vizyon an15Mwen Eze 1.26; Da 7.13; 10.16,18; 1 Pyè 1.10,11; Rev 1.13 t'ap chache konprann sa vizyon an te vle di, lè mwen rete konsa mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun kanpe devan m.
16Mwen Da 9.21; 12.5-7; Lik 1.19,26 tande yon vwa moun ki sòti lòt bò larivyè Oulayi a ki t'ap di:
— Gabriyèl! Esplike nonm sa a vizyon an non!
17Gabriyèl Eze 1.28; 2.1; Da 11.35,40; 12.4,9; Lik 1.12 pwoche bò kote m te ye a. Mwen te sitèlman pè mwen tonbe fas atè. Li di m konsa:
— Nonm o! Konprann byen: Vizyon an fè ou konnen ki jan sa pral fini sou latè.
18Pandan Da 10.9,10,18; Lik 9.32; Rev 1.17 li t'ap pale konsa, mwen pèdi konesans, mwen tonbe fas atè. Men, li ban m men, li fè m kanpe sou pye m ankò.
19Epi Da 11.36 li di:
— M'ap fè ou wè sa k'ap rive lè kòlè Bondye a va fin pase. Wi, lè pou tout bagay fini an pral rive.
20Belye mouton ou te wè ak de gwo kòn nan tèt li a, se de wa k'ap gouvènen de peyi, peyi Medi ak peyi Pès.
21Bouk Da 8.5; 10.20; 11.3 kabrit la menm se wa peyi Lagrès la. Gwo kòn ou te wè nan mitan je l yo se te premye wa a.
22Kat Da 8.8 kòn ou wè ki te pouse apre premye kòn lan te kase a, sa vle di gen kat moun ki pral separe peyi a. Yo chak pral gouvènen bò pa yo. Men, peyi a p'ap janm gen menm fòs la ankò.
23Lè ti wa sa yo va rive nan bout yo, lè y'a fin fè kont peche yo, gen yon wa k'ap parèt, l'ap san respè pou Bondye, l'ap woule tout moun.
24L'ap Eza 63.18; Da 7.21; 11.28,30; 12.7; Rev 17.17 grandi, l'ap vin fò. Men se pa fòs pa l menm k'ap sou li. L'ap fè anpil dega. L'a reyisi nan tou sa l'ap fè. L'a kraze anpil gwo chèf ansanm ak anpil moun nan pèp Bondye a.
25L'ap Da 8.11; 11.21,23,24 rize anpil. L'a reyisi chak fwa l'ap twonpe moun. L'ap fè lwanj tèt li. San bay avètisman, l'ap detwi anpil moun ki t'ap viv ak kè poze. L'ap atake ata pi gwo chèf la, chèf tout chèf yo. Men li menm, rive yon lè l'ap disparèt, san se pa okenn moun ki fè l anyen.
26Vizyon Da 8.14; 10.14; 12.4,9; Rev 10.4 ou te fè pou maten ak aswè yo gen pou rive vre jan yo te esplike ou li a. Men, pa di anyen sou sa, paske l'ap pran yon bon ti tan anvan li rive vre.
27Lè Da 7.28 sa a, mwen santi mwen t'ap faya. Mwen pase kèk jou malad. Apre sa, mwen leve, mal fè travay wa a te ban m fè a. Men, vizyon an t'ap boulvèse lespri m toujou, m pat ka konprann li.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.