Jij 17 - 1998 Haitian Creole

Zidòl Mika yo

1Te gen yon nonm yo rele Mika Jij 17.8; 18.2 Li te rete nan zòn mòn peyi Efrayim.

2Li Rit 3.10; 1 Sam 15.13 di manman l konsa:

— Lè yo te vòlò milsan (1.100) pyès lajan ou yo, ou te bay vòlò a madichon. Nou te tande ou ak pwòp zòrèy nou. Gade, men lajan an nan men m. Se mwen menm ki te pran yo.

Manman an di l:

— Se pou Senyè a beni ou, pitit mwen, pou sa!

3Mika Egz 20.4; 34.17; Lev 19.4 renmèt milsan pyès lajan yo bay manman l. Manman an di l konsa:

— Mwen te mete lajan an apa pou Senyè a pou anyen pa rive ou, pitit gason mwen. W'a sèvi avè l pou fè yon zidòl, yon estati fonn nan moul. Se poutèt sa m'ap renmèt ou lajan an ankò.

4Men, Eza 46.6 pitit la renmèt lajan an bay manman li. Madanm lan pran desan pyès lajan an, li bay yon bòs fè yon zidòl anbwa epi li fonn lajan kouvri li nèt. Li mete li lakay Mika.

5Nonm Jen 31.19; Jij 8.27; 18.14,17; 1 Sam 7.1; 1 Wa 13.33; Oze 3.4 Mika a te mete yon kote apa pou li menm l'al fè sèvis pou Senyè a. Li fè yon estati ansanm ak lòt ti zidòl wogatwa epi li chwazi yonn nan pitit gason li yo, li ba l pouvwa pou l sèvi l prèt.

6Nan Det 12.8; Jij 18.1; 19.1; 21.25 tan sa a, pat gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun t'ap fè sa yo pito.

7Te Jij 19.1; Rit 1.1,2; 1 Sam 17.12; Mi 5.2; Mat 2.1,5,6 gen yon jenn gason ki te rete lavil Betleyèm nan peyi Jida. Se te yon moun nan fanmi Levi yo.

8Li kite lavil Betleyèm nan peyi Jida a, li pati, l'al chache yon lòt kote pou l fè ladesant. Antan l'ap vwayaje konsa, li rive lakay Mika, nan mòn peyi Efrayim yo.

9Mika mande l:

— Kote ou sòti?

Nèg la reponn:

— Mwen se moun fanmi Levi, m sòti lavil Betleyèm nan peyi Jida. M'ap chache yon lòt kote pou m fè ladesant.

10Mika Jij 18.19 di l konsa:

— Vin rete lakay mwen non. W'a tou sèvi m konseye ak prèt. M'a ba ou dis pyès lò chak lanne, san konte rad ak manje.

11Moun Levi a te dakò pou l rete lakay Mika ki te sèvi avè l tankou pwòp pitit gason l.

12Mika Jij 17.5; 18.30 menm bay moun Levi a pouvwa pou l sèvi l prèt. Se konsa, li rete nèt lakay Mika.

13Lè sa a, Mika di konsa:

— Kounyeya, mwen konnen Senyè a pral fè tout zafè m mache byen paske mwen gen yon moun Levi k'ap sèvi m prèt.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help