1Lwanj sa l te di yo.
29Li Egz 7.17-21 fè dlo larivyè yo tounen san,
li touye tout pwason ladan yo.
30Krapo Egz 8.2-6 te pran tout peyi a pou yo,
yo te rive jouk anndan kay wa a.
31Bondye Egz 8.16,17,21-24 annik pale, mouchavè ak vèmin parèt,
yo kouvri tout peyi a.
32Li Egz 9.22-25 pa ba yo lapli,
li voye lagrèl pito ak kout zèklè sou peyi a.
33Li te detwi tout pye rezen ak tout pye figfrans yo.
Li jete tout pyebwa nan peyi a atè.
34Bondye Egz 10.12-15 annik pale, chwalbwa parèt,
chini vide an kantite.
35Yo devore tout ti plant nan peyi a,
yo manje tout rekòt nan jaden yo.
36Bondye Egz 12.29; Sòm 78.51 touye premye pitit gason nan tout fanmi nan peyi Lejip la.
Wi, li touye tout premye pitit gason yo.
37Apre Egz 12.35,36 sa, li fè pèp Izrayèl la pati avèk kantite lò ak ajan.
Anyen pat rive yo yonn menm.
38Moun Egz 12.33; 15.16 peyi Lejip yo te fè fèt lè yo pati
paske yo te pè anpil.
39Senyè a Egz 13.21; Eza 4.5; 1 Kor 10.1 mete yon nway pou pwoteje yo lajounen,
yon dife pou klere yo lannwit.
40Yo Egz 16.12-15; Sòm 78.24,27; Jan 6.31 mande l vyann, li ba yo zòtolan.
Li ba yo pen ki sòti nan syèl
pou plen vant yo.
41Li Egz 17.6; Nonb 20.11; Eza 48.21; 1 Kor 10.4 fann yon gwo wòch, sous dlo pete,
dlo pran koule nan dezè a tankou larivyè.
42Li Jen 15.14; Egz 2.24; Sòm 105.6-9 te chonje pwomès li te fè a,
pawòl li te bay Abraram, sèvitè l la.
43Se Egz 15.1 konsa li te fè pèp li a sòti ak kè kontan,
li te fè pèp li te chwazi a rele sitèlman yo te kontan.
44Li Joz 11.23; 24.13; Sòm 78.55 ba yo tè lòt nasyon yo,
li kite yo ranmase rekòt jaden lòt moun,
45pou Det 4.1,40; Sòm 104.35 pèp li a te ka kenbe lòd li yo,
pou yo te ka obeyi kòmandman li yo.
Lwanj pou Senyè a!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.