1Lè sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl. Li di konsa:
2— Eske Jòb 35.7 yon moun ka itil Bondye?
Non! Ata moun ki gen bon konprann yo, se tèt yo ase yo itil.
3Lè Sòm 18.32 ou fè sa ki byen, ki enterè Bondye ki gen tout pouvwa a jwenn nan sa?
Sa sa rapòte l lè ou mennen bak ou dwat?
4Eske Jòb 14.3 se paske ou gen krentif pou Bondye
kifè l'ap rale zòrèy ou konsa, kifè l'ap trennen ou nan tribinal li?
5Non. Se paske ou fè anpil peche.
Se paske ou te san limit nan fè mechanste.
6Ou Egz 22.26; Jòb 24.3,9; Eze 18.12,16 fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pat dwe ou.
Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l toutouni.
7Ou Eza 58.7; Mat 25.42 refize bay moun ki te swaf yo ti gout dlo.
Ou refize bay moun ki te grangou yo moso pen.
8Ou pwofite fòs ou ak pozisyon ou
pou pran tout peyi a pou ou.
9Ou Jòb 31.21; Eza 10.2 refize lonje men ou bay vèv yo.
Ou maltrete timoun ki san papa yo.
10Se Jòb 18.8-11 poutèt sa, kote ou rive se pèlen yo pare pou ou.
Ou rete konsa, kè ou kase.
11Sitèlman Jòb 27.20; Sòm 69.1; Lam 3.54; Jo 2.3,5 fè nwa, ou pa ka wè.
Ou nan dlo jouk nan kou!
12Eske Jòb 11.8 se pa anwo nèt nan syèl la Bondye rete?
Se anba pou li voye je l pou l ka wè zetwal yo.
13Ou Sòm 59.7; Eza 29.15; Eze 8.12 konn sa, epi w'ap di: Sa Bondye ka konnen?
Li kache dèyè nyaj yo, ki jan pou l jije sa k'ap pase sou latè?
14Nyaj Sòm 139.11,12 yo twò pwès, li pa ka wè.
Se sou fetay syèl la l'ap mache.
15Ou vle mache pye pou pye dèyè mechan yo,
nan move chemen yo te toujou pran depi lontan an!
16Yo mouri anvan lè yo tou.
Yo tankou lavalas: anvan ou bat je ou, yo pase.
17Yo Jòb 21.14; Sòm 4.6 menm tou yo t'ap di Bondye: Wete kò ou sou nou!
Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ka fè nou?
18Atò, Jòb 21.16 se Bondye menm ki te plen kay yo ak richès.
Mwen pa janm konprann ki jan mechan yo ka fè di sa.
19Men, Sòm 2.4; 52.6; 58.10 lè y'ap pini mechan yo,
moun ki mache dwat yo va kontan,
inonsan yo va pase yo nan rizib.
20Gade jan grannèg yo fini non!
Dife boule tou sa yo te genyen.
21Jòb Pwo 3.2 monchè, byen ak Bondye ankò, tande!
Sispann chache l kont!
22Koute Sòm 119.11; Pwo 2.6 pawòl li t'ap di ou yo.
Kenbe yo nan kè ou.
23Wi, Jòb 8.5,6; 11.13,14; Jer 24.6; Mal 3.7 tounen vin jwenn li, san lògèy nan kè ou.
Sispann fè sa ki mal lakay ou.
24Voye 1 Wa 9.28 tout lò ou jete nan fatra.
Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè.
25Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou.
Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou.
26Paske, Jòb 11.15; Sòm 37.4; Eza 58.14 lè sa a, se nan Bondye ki gen tout pouvwa a w'a jwenn tout plezi ou.
Se sou Bondye w'a toujou gade.
27Lè Jòb 33.26; Sòm 50.14,15; Eza 58.9 w'a lapriyè nan pye l, la reponn ou.
W'a kenbe tout pwomès ou fè l yo.
28Tout Pwo 4.18 zafè ou va mache byen.
Limyè va klere byen bèl sou tout wout ou.
29Bondye Sòm 138.6; Pwo 3.34; Mat 23.12; Jak 4.6; 1 Pyè 5.5 kraze lògèy moun awogan.
Men, li sove moun ki bese tèt devan li.
30L'ap Jen 18.26; Sòm 18.20; 24.4; 26.6 delivre ou si ou inonsan.
L'a sove ou, si ou pa janm sal men ou nan anyen.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.