1Lè sa a, Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:
2— Manyè Jòb 13.17 tande sa m pral di nou la a, non!
Tanpri, charite m ti ankourajman sa a!
3Ban m Jòb 16.10,20; 17.2 yon ti chans pou m pale.
Lè m'a fini, nou mèt pase m nan betiz kont nou!
4Se Egz 6.9; Jòb 10.1; 23.2 pa avèk yon moun mwen annafè.
Mwen gen rezon si m pa ka tann ankò!
5Voye Jij 18.19; Jòb 29.9 je nou gade m byen. N'a sezi.
N'a mete men nan bouch.
6Mwen menm, lè m chonje sa ki rive m, m pè.
Tout kò m pran tranble.
7Poukisa Jòb 12.6; Sòm 73.3; Ekl 8.14; Jer 12.1,2; Aba 1.13,16; Mal 3.14,15 Bondye kite mechan yo ap viv?
Li kite yo rive vye granmoun, epi tout zafè yo mache byen?
8Yo Jòb 5.25 gen pitit ak pitit pitit.
Yo wè yo ap grandi devan je yo.
9Bondye Jòb 9.34 pa voye malè sou yo pou pini yo.
Y'ap viv alèz lakay yo san okenn danje.
10Wi, Egz 23.26 bèf yo kwaze san mank,
yo fè pitit san pèdi pòte.
11Timoun Sòm 17.14 yo ap kouri tankou ti mouton nan savann.
Y'ap jwe, y'ap sote tankou ti kabrit.
12Y'ap Egz 15.20; Jòb 30.31; Eza 5.12 chante, y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou,
y'ap danse pandan moun ap jwe fif pou yo.
13Jouk Jòb 24.19; 34.20; 36.11 jou yo mouri, kè yo kontan.
Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze.
14Se Jòb 22.17 yo menm k'ap plede di Bondye: Kite nou anrepo non.
Nou pa bezwen ou di n' jan pou nou viv.
15Kisa Egz 5.2; Jòb 34.9 Bondye ki gen tout pouvwa a ye menm pou nou sèvi l la?
Kisa sa ap rapòte nou lè nou lapriyè l?
16Yo Jòb 22.18; Sòm 1.1 pretann tou sa yo genyen se kouray yo ki ba yo l.
Yo pat janm mete Bondye nan koze yo.
Mwen pa dakò ak jan y'ap pale a, non.
17Ou Jòb 18.5,6 janm wè limyè mechan an mouri?
Ou janm tande malè rive yo?
Ou janm wè Bondye ap fè kòlè pou l' pini malveyan yo?
18pou Sòm 1.4; 83.13; Eza 17.13 van bwote yo ale tankou zèb chèch,
pou van tanpèt chase yo tankou pay pitimi?
19Yo Egz 20.5; Eze 25.14; Oze 9.7 pretann di Bondye va pini pitit pou peche papa yo!
Poukisa se pa papa yo menm li pini pou yo ka pran leson?
20Se Sòm 75.8; Eza 51.17; Jer 25.15; Rev 14.10 pou mechan yo te wè chatiman yo.
Se yo menm ki te pou santi kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a pa dous.
21Ki mele yo sa ki rive pitit yo, lè yo fin ale,
lè yo fin viv tan pou yo te viv la?
22Men, Jòb 4.18; Eza 40.14; Wòm 11.34; 1 Kor 2.16 Bondye ki jije ata zanj ki nan syèl la,
ki moun ki ka moutre l sa pou li fè?
23Gen moun ki pa janm malad jouk yo mouri.
Jouk jou yo antre anba tè, yo kontan, yo pa gen tèt chaje.
24Yo gra nan tout kò yo,
tout zo yo plen ak mwèl.
25Yon Jòb 7.11 lòt menm pa janm konnen sa ki rele kè kontan.
Li pase tout lavi l nan nesesite, li mouri nan mizè.
26Men, Jòb 20.11; Ekl 9.2; Eza 14.11 lè tou de mouri, yo antere yo,
vèmin kouvri kadav yo menm jan.
27Men wi, mwen konnen sa ki nan tèt nou.
Mwen konnen ki move lide n'ap fè sou mwen kounyeya.
28N'ap Jòb 8.22; 20.6,7 mande kote kay gwo zotobre a.
Sa ki rive kay nèg ki te konn fè sa ki mal la.
29Kouman? Nou pa pale ak moun ki vwayaje?
Nou pa konn ki nouvèl y'ap bay?
30Jou Pwo 16.4; 2 Pyè 2.9 Bondye ankòlè, lè l'ap pini an,
se toujou mechan yo ki resi chape kò yo!
31Men, ki moun ki ka kanpe devan yo pou akize yo?
Ki moun ki ka fè yo peye sa yo fè a?
32Yo fè bèl lantèman pou yo.
Yo mete moun veye tonm yo.
33Foul Jòb 30.23; Eb 9.27 moun ap swiv sèkèy yo,
yon pati moun devan, yon pati moun dèyè.
Menm tè a chita dous sou kadav yo.
34Lèfini, n'ap chache konsole m ak yon bann pawòl san sans.
Tou sa n'ap reponn mwen la a se manti.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.