Sòm 143 - 1998 Haitian Creole

SÒM 143 (142)Lapriyè yon inonsan(1a) Se Sòm 140.6; 1 Jan 1.9 yon sòm David.

1(1b) Senyè, koute m lè m'ap lapriyè.

Panche zòrèy ou pou tande jan m'ap kriye nan pye ou.

Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou.

Ou pa nan patipri.

2Pa Jòb 14.3; 25.4; Sòm 130.3; Ekl 7.20; Wòm 3.23; 1 Kor 4.4 jije m sou sa m fè, se sèvitè ou mwen ye.

Pa gen moun ki inonsan devan je ou.

3Lènmi Sòm 88.3-6; Lam 3.6 pousib mwen, li mache sou mwen.

Li fè m rete nan fènwa tankou moun ki mouri depi lontan.

4Mwen Sòm 77.3 santi mwen pa kapab ankò!

Mwen boulvèse anpil.

5Mwen Sòm 77.5,11,12 chonje tan lontan,

m'ap kalkile tou sa ou te fè.

Tou sa ou te fè yo vin nan tèt mwen ankò.

6Mwen Jòb 11.13; Sòm 42.2; 63.1 louvri bra m devan ou, mwen lapriyè.

M'ap tann ou tankou tè sèk k'ap tann lapli.

7Senyè, Sòm 27.9; 28.1; 69.17 prese vin reponn mwen.

Mwen pa kapab ankò!

Pa vire do ban mwen.

Si ou fè sa, m'ap tankou moun ki desann nan peyi kote mò yo ye a.

8Mwen Sòm 25.1,4; 90.14 mete konfyans mwen nan ou.

Depi granmaten, fè m chonje jan ou renmen m anpil.

Se ou menm m'ap lapriyè.

Moutre m chemen pou m pran an.

9Se Sòm 59.1 anba zèl ou m'ap chache pwoteksyon.

Tanpri, delivre m anba lènmi m yo.

10Se Ney 9.20; Sòm 23.3; 119.12; Eza 26.10 ou menm ki Bondye mwen.

Moutre m jan pou m fè sa ou vle m fè a.

Jan ou gen bon kè, fè lespri ou mennen m nan chemen ki pa gen move pa.

11Senyè, Sòm 25.11; 71.20 poutèt non ou pote a, ban m lavi ankò.

Ou menm ki pa nan patipri, tanpri, wete m nan tray kote m ye a.

12Ou Sòm 54.5; 116.16 renmen m anpil.

Fè tout lènmi m yo disparèt.

Detwi tout moun k'ap peze m yo, paske se sèvitè ou mwen ye.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help