Detewonòm 14 - 1998 Haitian Creole

Atitid nou devan moun mouri

1Senyè a, Bondye nou an, konsidere nou tankou Men zwazo nou pa gendwa manje: se lèg, lòfre, malfini lanmè,

13milan, otou, votou ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje kadav,

14tout kalite kaw,

15otrich, janmichèt, poul dlo, malfini ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan,

16koukou, frize, gwo kanna mawon blan,

17grangozye, plonjon, chwèt,

18sigòy, krabye ak tout lòt bèt menm fanmi ak yo, sèpantye ak tchòtchòt.

19Tout ti bèt ak zèl pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye. Piga nou manje yo.

20Men, nou gendwa manje zwazo ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye.

21Piga Egz 23.19; Lev 7.24; 22.8; Det 14.2; Eze 4.14 nou manje okenn bèt nou jwenn mouri, paske nou menm, nou se yon pèp k'ap viv apa pou Senyè a, Bondye nou an. Men nou ka pran vyann lan pou nou bay osinon pou nou vann moun lèt nasyon k'ap viv nan mitan nou oswa ki depasay lakay nou.

Piga nou janm kwit yon jenn ti kabrit nan lèt manman li.

Prensip ladim

22Chak Lev 27.30; Nonb 18.21 lanne, n'a pran ladim rekòt nou, yon dizyèm (1/10) nan tou sa jaden nou yo donnen, n'a mete l apa.

23Apre Det 4.10; 12.5-7 sa, nou va ale kote Senyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Epi la, devan Senyè a, n'a manje ladim farin nou, ladim diven nou ak ladim lwil oliv nou ansanm ak premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se konsa n'a aprann pou nou toujou gen krentif pou Senyè a.

24Men, Det 12.21 si kote Senyè a chwazi pou fè sèvis pou li a twò lwen lakay nou, kifè vwayaj la ap twòp pou nou, nou pa ka pote ladim rekòt Bondye ban nou pou benediksyon an,

25lè sa a, n'a vann ladim lan, n'a kenbe lajan lavant lan nan men nou epi n'a ale kote Senyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a.

26Lè n'a rive, n'a achte ak lajan an sa nou pi pito: bèf, mouton, kabrit, diven, likè, wi tou sa nou pi renmen. Epi la, devan Senyè a, Bondye nou an n'a manje yo, n'a fè fèt ansanm ak tout moun lakay nou.

27Pa Nonb 18.20; Det 12.19 bliye moun Levi k'ap viv nan lavil nou yo paske yo menm yo pa gen anyen ki rele yo pa yo.

28Chak twazan, n'a pran ladim tout rekòt n'a fè nan lanne a, n'a mete yo nan pòtay lavil nou yo.

29Moun Det 15.10; 24.19; 26.12; 28.12; Sòm 41.1; Pwo 19.17; Mal 3.10 Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Se konsa, Senyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help