1Tout bann moun yo leve, yo mennen
Sòlda yo fè tirajosò pou separe rad li.
35Pèp Sòm 22.7 la te kanpe la ap gade. Chèf yo t'ap pase Jezi nan rizib, yo t'ap di:
— Gade! Li sove lòt moun. Si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt pa l tou.
36Sòlda Sòm 69.21 yo t'ap pase l nan betiz tou. Yo pwoche bò kote l, yo ba l vinèg pou l bwè,
37epi yo di li:
— Si ou se wa jwif yo, se pou ou sove tèt ou ou menm!
38Men sa k te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye.
39Yonn nan kriminèl yo te kloure sou kwa yo t'ap joure li. Li t'ap di li:
— Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou.
40Men lòt la reprann li epi li di li:
— Genlè ou san krentif pou Bondye, ou menm ki anba menm kondansyon ak li a!
41Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen.
42Epi Mat 16.28 li di Jezi:
— Chonje m wi lè w'a vin pran gouvènman an nan men ou!
43Jezi reponn li:
— Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m nan paradi.
Jezi mouri(Matye 27.45-56; Mak 15.33-41; Jan 19.28-30)44Li Am 8.9 te midi konsa lè solèy la sispann klere sou tout peyi a jouk vè twazè nan apremidi.
45Rido Egz 36.35; Am 9.1 ki te nan tanp lan chire fè de moso.
46Jezi Sòm 31.5; Tra 7.59 rele byen fò, li di:
— Papa, m ap renmèt lespri mwen nan men ou.
Apre l fin di pawòl sa yo, li mouri.
47Lè kaptenn lame a wè sa k te rive, li fè lwanj Bondye, epi li di:
— Se vre wi. Nonm sa a te inonsan.
48Tout moun ki te vini an foul pou asiste espektak sa a te wè sa k te rive. Yo tounen al lakay yo, yo t'ap bat lestonmak yo.
49Tout Sòm 38.11; 88.8; Lik 8.2 zanmi Jezi yo te rete yon ti jan lwen ansanm ak fanm ki t'ap mache avè l yo depi nan peyi Galile. Yo tout t'ap gade sa k t'ap pase.
Yo mete kò Jezi nan kavo(Matye 27.57-61; Mak 15.42-47; Jan 19.38-42)50Te Mat 27.57-61; Mak 15.42-47; Jan 19.38-42 gen yon jwif ki te rele Jozèf, moun lavil Arimate. Se te yon bon gason ki te mache dwat devan Bondye.
51Li Lik 2.25,38 t'ap tann kilè Bondye t'ap vin pran pouvwa a nan men li. Li te fè pati Gran Konsèy jwif yo, men li pat dakò ak sa lòt yo te fè ni ak sa yo te deside.
52Jozèf al lakay Pilat, li mande kò Jezi.
53Apre sa, l'al desann kò a sou kwa a, li vlope l nan yon bèl dra blan, epi li mete l nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Se te yon kavo tou nèf: yo pat ankò janm mete pèsonn ladan li.
54Se te yon jou vandredi, saba ta pral louvri.
55Medam ki t'ap mache avèk Jezi depi nan peyi Galile yo te ale ansanm ak Jozèf. Yo wè kavo a, yo wè ki jan yo te mete kò Jezi ladan li.
56Apre Egz 12.16; 20.10; Lev 23.8 sa, yo tounen lakay yo, y'al pare lwil santi bon ak odè pou benyen kò a. Men, jou repo a yo pat fè anyen, jan lalwa Moyiz te vle l la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.