1(2) Bondye, Sòm 55.17 panche zòrèy ou bò kote m! Koute m non lè m'ap lapriyè!
Piga ou vire do ban mwen lè m'ap rele nan pye ou!
2(3) Pran 2 Sam 16.7,8 ka mwen, koute m, reponn mwen non!
Kè m sere, m'ap plenn!
3(4) Mwen Mat 26.38 boulvèse lè m tande lènmi m yo ap pale,
lè m tande mechan yo ap pale byen fò.
Yo fè malè tonbe sou mwen.
Yo move sou mwen, y'ap pèsekite m.
4(5) Mwen Jòb 21.6; Eza 21.4 santi kè m kase.
Sezisman pran m lè m wè mwen fin mouri.
5(6) Tout kò m ap tranble tèlman mwen sezi.
6(7) Mwen Jer 9.2 di konsa:
— Pa pito m te gen zèl tankou yon toutrèl!
Mwen ta vole ale. Mwen ta jwenn kote pou m pran repo.
7(8) Mwen ta kouri pati ale byen lwen.
Mwen ta v'al rete pou kont mwen nan dezè a.
8(9) Mwen Jer 6.7 ta prese jwenn yon kote pou m kache
pou gwo van an, pou gwo lapli a pa fè m anyen.
9(10) Senyè, mele yo. Fè yonn pa konprann sa lòt ap di.
Paske, sa m wè nan lavil la se chen manje chen,
yonn ap goumen ak lòt.
10(11) Lajounen kou lannwit se sa ase ou tande nan lavil la.
Anndan lavil la menm, se mechanste, se malfezans.
11(12) Kote 2 Sam 15.12; Jòb 19.5,14,19; Sòm 41.9 ou pase se moun k'ap kraze brize.
Nan tout lari se fè moun lenjistis, se twonpe moun.
12(13) Si se te yon moun ki rayi m ki t'ap pale m mal,
mwen ta rezinyen m.
Si se te yon moun ki pa vle wè m ki te leve dèyè mwen,
mwen ta kache kò m pou l pa jwenn mwen.
13(14) Men, se ou menm, kanmarad mwen,
yon bon zanmi m ki te konn tout ti zafè m.
14(15) Nou Nonb 16.30,33 te konn fè ti koze nou ansanm.
Nou te konn al lakay Bondye a ansanm ak foul moun yo.
15(16) Se pou yo rete konsa, yo tonbe yo mouri.
Se pou yo desann tou vivan kote mò yo ye a,
paske mechanste a kaye lakay yo, li nan fon kè yo.
16(17) Men, Sòm 5.3; 92.2; 141.2; Da 6.10; Tra 10.9 mwen rele Senyè a, Bondye mwen;
l'a delivre mwen.
17(18) Maten, midi, aswè, m'ap plenyen, m'ap plenn.
L'a tande vwa mwen.
18(19) L'a Det 33.27 fè m viv ak kè poze,
l'a delivre m nan batay m'ap mennen ak moun ki leve dèyè m yo. Yo te mèt anpil.
19(20) Bondye k'ap gouvènen depi tout tan an va koute m, l'a kraze lògèy yo.
Paske, yo p'ap janm chanje, yo pa gen krentif pou Bondye.
20(21) Moun Sòm 28.3; 57.4; Pwo 5.3 ki leve men sou zanmi yo
se moun ki trèt.
21(22) Pawòl Sòm 37.5,24 nan bouch yo pi dous pase siwo.
Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen.
Pawòl yo koule dous tankou lwil,
men lang yo se razwa.
22(23) Renmèt Jòb 15.32; Sòm 5.6; 59.11; 69.15; Pwo 10.27 sò ou nan men Senyè a, l'a kenbe ou fèm.
Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
23(24) Men ou menm, Bondye, w'ap fè bann ansasen sa yo
ak bann vòlè sa yo desann anba tè.
Yo p'ap wè mwatye nan lavi yo.
Men, mwen menm, se nan ou m'ap mete tout konfyans mwen.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.