Sòm 104 - 1998 Haitian Creole

SÒM 104 (103)Lwanj pou Bondye

1Kite m 2 Sam 7.22; Jòb 40.10; Sòm 103.1,2 di Senyè a mèsi!

Senyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo!

Devan ou se respè, se chapo ba!

2Ou Jòb 9.8; Eza 40.22 vlope kò ou nan yon gwo limyè.

Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete.

3Ou Sòm 18.10; Eza 19.1; Am 9.6 bati kay ou sou nyaj yo ki plen dlo.

Ou pran nyaj yo sèvi ou cha,

yon kouran van ap pouse ou ale.

4Ou 2 Wa 1.10; 6.17; Eb 1.7 fè van yo pote komisyon pou ou.

Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou.

5Ou Jòb 38.4; Ekl 1.4 mete latè kanpe fèm sou fondasyon li.

Anyen pa ka brannen l.

6Ou Jen 7.19 mete lanmè sou li tankou yon rad,

dlo te kouvri tout mòn yo.

7Men, Sòm 18.15; 77.18 lè ou parèt devan yo, yo pran kouri.

Lè yo tande loray ou gwonde, yo met deyò.

8Yo Jòb 38.8 kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo,

y'al pran plas ou te pare pou yo.

9Ou Jen 9.11; Jòb 38.11; Jer 5.22 ba yo limit pou yo pa janm depase,

pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò.

10Ou fè sous dlo koule nan fon yo.

Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo.

11Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè.

Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo.

12Zwazo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo.

Y'ap chante byen fò nan tout branch yo.

13Ou Jòb 5.10; Sòm 65.9 rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo.

Ou kouvri tè a ak benediksyon ou.

14Ou Jen 1.29,30; Jòb 28.5; Sòm 136.25; 147.8 fè zèb pouse pou bèt yo manje.

Ou fè plant moun bezwen yo grandi

pou latè ka donnen manje,

15pou Jen 18.5; Jij 9.9,13; Pwo 31.6,7; Ekl 10.19 latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan,

lwil pou fè figi yo fre,

pen pou ba yo fòs.

16Pyebwa Nonb 24.6 Senyè yo,

pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an,

yo jwenn tou sa yo bezwen.

17Se la zwazo fè nich yo.

Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo.

18Mòn Jòb 39.1; Pwo 30.26 apik yo se pou kabrit mawon yo ye.

Daman kache nan twou wòch yo.

19Ou Jen 1.14 te fè lalin pou l make jou yo.

Solèy la konnen kilè pou l kouche.

20Ou Eza 45.7 fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit.

Tout bèt nan rakbwa yo sòti deyò.

21Jenn Jòb 38.39 lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje.

Y'ap mande Bondye ba yo manje.

22Lè solèy leve, yo wete kò yo,

y'al kouche nan twou yo.

23Moun Jen 3.19 sòti pou y'al travay,

wi, pou y'al travay jouk solèy kouche.

24Senyè, Jen 1.20,21,24,25; Pwo 3.19 ou fè anpil bagay!

Ou fè yo avèk bon konprann.

Latè plen ak bagay ou fè.

25Gade gwo lanmè a, li laj, li fon.

Gen kantite bèt k'ap viv ladan l, gwo kou piti.

26Se Jòb 41.1; Sòm 74.14; Eza 27.1 sou li gwo batiman yo ap pwonmennen.

Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l.

27Se Sòm 145.15 sou ou tout bèt sa yo konte,

pou ou ba yo manje lè yo bezwen.

28Ou Sòm 145.16 ba yo manje, yo manje.

Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo.

29Vire Jòb 34.14,15; Sòm 30.7 ou vire do ou, yo pran tranble.

Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt,

yo tounen nan pousyè kote yo te sòti a.

30Men, Jòb 33.4; Eza 32.15 lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò.

Konsa, ou bay latè yon lòt figi.

31Se Jen 1.31; Sòm 72.17 pou bèl pouvwa Senyè a rete jan l ye a pou tout tan.

Se pou Senyè a kontan ak tou sa li fè.

32Li Egz 19.18; Sòm 144.5; Aba 3.10 gade latè, latè pran tranble.

Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen.

33M'ap Sòm 63.4 pase tout lavi m ap chante pou Senyè a.

M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la.

34Mwen ta swete pawòl mwen fè l plezi,

paske se li ki fè kè m kontan.

35Se Sòm 37.38; 104.1; 105.45 pou moun k'ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè.

Se pou pa gen mechan ankò!

Kite m di Senyè a mèsi!

Lwanj pou Senyè a!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help