1Se Jida, yonn nan pitit gason Matatyas yo, ki pran plas papa l. Li te gen yon tinon Makabe.
2Tout frè l yo ak patizan papa l yo ba li konkou yo. Yo tout te kontan al goumen pou pèp Izrayèl la.
3Jida fè yo fè pi gwo lwanj pou pèp li a.
Avèk rad lagè li sou li, li te tankou yonn nan gwo moun bèl wotè yo.
Li mare zam li yo nan ren l, li pati al goumen batay sou batay.
Avèk nepe li, li defann kan lame a.
4Li te tankou yon lyon lè l'ap atake.
Li te tankou yon jenn lyon k'ap gwonde lè l'ap vole pou l atake.
5Li t'ap chache tout moun nan pèp Izrayèl la ki te vire do bay Lalwa a, li fann dèyè yo.
Li lage nan dife moun ki t'ap boulvèse tèt pèp li a.
6Moun ki te vire do bay Lalwa a te sitèlman pè li, yo t'ap kouri pou li.
Tout moun ki t'ap fè sa ki mal yo te boulvèse.
Avèk travay li fè a, pèp la rive jwenn tout libète granmoun li.
7Li rann anpil moun lavi minab.
Men avèk sa li fè a, li bay moun fanmi Jakòb yo kè kontan.
Y'ap toujou chonje non li, se va yon lwanj pou li ki p'ap janm fini.
8Li mache nan tout lavil peyi Jide yo, li touye tout moun li jwenn ladan yo ki te vire do bay Bondye.
Se konsa li detounen malè kòlè Bondye a t'ap voye sou pèp Izrayèl la.
9Moun t'ap nonmen non l toupatou sou latè,
paske li te mache sanble moun ki te fin pèdi yo, li fè yo tounen lakay yo.
Jida genyen de batay10Apoloniyis ranmase yon bann moun lòt nasyon ak anpil sòlda moun peyi Samari, li vin atake moun pèp Izrayèl yo.
11Jida vin konn sa. Li mache al kontre avè l. Li bat lame a, li touye Apoloniyis. Anpil nan sòlda yo pèdi lavi yo tou, rès yo kouri met deyò.
12Jwif yo ranmase sa lame a te kite dèyè. Jida menm pran nepe Apoloniyis la pou li, epi se avè l li sèvi chak lè l'ap goumen jouk jou li mouri.
13Lè Sewon, yonn nan jeneral lame peyi Siri a, vin pran nouvèl Jida te sanble bò kote l yon bann moun ki te kenbe pye Bondye yo fèm epi ki te konn fè lagè,
14li t'ap di nan kè li:
— Mwen pral fè tout moun konnen ki moun mwen ye. Nan tout peyi ki anba lòd wa a, yo pral fè lwanj pou mwen anpil. Mwen pral kraze Jida ak moun pa l yo ki pa vle obeyi lòd wa a.
15Se konsa li menm tou, li leve, li pran avè l yon gwo lame moun jwif ki te vire do bay Bondye, epi ki te vin ede l pou yo pran revanj sou moun pèp Izrayèl yo.
16Li t'ap pwoche sou wout ki moute lavil Bètowon an lè Jida sòti al kontre avè l avèk yon ti ponyen sòlda.
17Lè sòlda Jida yo wè gwosè lame ki t'ap mache sou yo a, yo di Jida konsa:
— Kouman ou ta vle pou ti ponyen moun nou ye la a pou n'al goumen ak gwo lame sa a ki pa manke zam? Sa ki pi rèd, nou bouke, nou prèt pou nou rann souf nou, nou poko mete anyen nan bouch nou pou jounen jòdi a.
18Jida reponn yo:
— Se bagay fasil pou yon gwo lame tonbe nan men yon ti ponyen moun. Lèfini, pou Bondye ki nan syèl la, lè l'ap bay delivrans, sa pa di l anyen si gen anpil moun osinon si gen yon ti ponyen moun ase.
19Nan fè lagè, se pa kantite sòlda ki fè moun genyen batay. Sa sòti nan Bondye nan syèl la ki bay fòs kouray.
20Moun sa yo ap mache sou nou ak kè yo plen lògèy ak mechanste, yo sòti pou yo touye nou ansanm ak madanm nou ak pitit nou yo, lèfini pou yo pran tou sa nou genyen.
21Men nou menm, n'ap goumen pou defann lavi nou ak prensip nou yo.
22Bondye pral kraze yo devan nou. Nou pa bezwen pè, yo pa ka fè nou anyen.
23Fini Jida fin di sa, li fè yon va sou lènmi l yo, li bat Sewon ansanm ak tout gwo lame li a.
24Li kouri dèyè yo nan ladesant Bètowon an rive nan plenn lan. Te gen witsan (800) sòlda konsa ki mouri, lòt yo chape kò yo nan peyi moun Filisti yo.
25Tout moun te konmanse pè Jida ak frè l yo. Yon sèl lapèrèz te pran moun nan tout nasyon ki te vwazen ak yo.
26Non Jida a rive jouk nan zòrèy wa Antyokis. Se tout moun toupatou ki t'ap pale sou Jida ak batay li te genyen yo.
Antyokis nonmen Liziyas gouvènè27Lè Antyokis pran nouvèl sa ki te pase, li fè yon sèl kòlè, li bay lòd pou yo sanble tout sòlda ki te nan tout peyi anba kòmandman li yo pou fè yon gwo lame.
28Li pran lajan nan kès pa li, li peye tout sòlda yo pou yon lanne davans, lèfini li mande yo pou yo pare pou nenpòt ka prese.
29Lè sa a, li wè lajan an te ba anpil nan kès li a. Lajan taks yo te bese anpil paske te gen gwo dezòd ak boulvès nan tout peyi a, epi se li menm ankò ki te lakòz sa depi li te aboli lalwa ki te la depi tan lontan yo.
30Li te pè kounyeya pou l pa te gen kont lajan pou l depanse ak pou l fè kado san gad dèyè pi plis pase tout lòt wa ki te vin anvan l yo. Sa te rive l deja yonn osinon de fwa konsa.
31Sa te fatige lespri l anpil. Lè sa a, li pran desizyon pou l'ale li menm nan peyi Pès pou fè moun yo peye lajan taks la nan pwovens yo, konsa la ranmase yon bon lajan ankò.
32Li pran Liziyas, yon nonm ki sòti nan yonn nan gwo fanmi yo epi ki te fanmi avè l, li nonmen l gouvènè pou l regle tout zafè wa a nan tout zòn ki pran depi larivyè Lefrat desann rive sou lizyè ak peyi Lejip.
33Li mete l reskonsab Antyokis Senkyèm lan, pitit gason l lan, jouk lè li menm li va tounen.
34Li renmèt li mwatye nan lame li a ansanm ak elefan l yo, lèfini li di li tou sa li vle ki pou fèt, espesyalman sa li vle pou li fè moun peyi Jide yo ak moun lavil Jerizalèm yo.
35Li te kite lòd pou Liziyas te voye yon lame al regle ak yo, pou kraze moun Izrayèl yo, pou detwi lame yo a ansanm ak rès moun ki te lavil Jerizalèm yo, pou wete tout bagay ki pou ta fè moun chonje yo nan peyi a,
36pou separe peyi a an pòsyon bay moun lòt nasyon pou yo rete ladan l.
37Antyokis menm pati ak lòt mwatye lame a pou lavil Antyòch, kapital li a. Se te nan lanne sankarannsèt (147). Li janbe lòt bò larivyè Lefrat, epi li pran mache nan tout pwovens ki te anwo sou gwo platon an.
Lènmi anvayi peyi Jide(2 Makabe 8.8-15)38Liziyas chwazi Nikanò, Jòjyas ak Toleme, pitit gason Dorimèn lan, pou chèf lame a. Twa mesye sa yo te gwo zotobre ki te fè pati gwoup Zanmi Wa a.
39Liziyas voye yo ak karantmil (40.000) sòlda apye ak sètmil (7.000) kavalye pou yo anvayi peyi Jide, epi pou yo detwi l nèt, jan wa a te bay lòd la.
40Chèf lame yo pati ansanm ak tout sòlda yo. Lè yo rive nan plenn bò lavil Emayis yo, yo moute kan yo la.
41Lè moun k'ap fè trafik nan zòn lan vin konnen gwo lame sa a te la, yo pran lò ak ajan an kantite ansanm ak sèp, yo vin nan kan an avèk espwa pou yo achte moun pèp Izrayèl tankou esklav. Yon gwoup sòlda moun peyi Idime ak moun peyi Filisti vin pote tèt yo pou ranfòse gwo lame a.
42Avèk tout gwo lame sòlda yo ki te moute kan yo nan peyi a, Jida ak frè l yo wè sitirasyon an t'ap vin pi malouk chak jou pou yo. Yo vin konnen tou lòd wa a te bay pou yo te fini nèt ak pèp Izrayèl la.
43Lè sa a, yonn di lòt:
— Annou mete pèp la kanpe ankò! Annou goumen pou peyi nou ak pou tanp lan!
44Epi tout pèp la nèt sanble ansanm pou yo pare pou y'al goumen. Yo lapriyè nan pye Bondye, yo mande l gras mizerikòd.
45Lavil Jerizalèm te san moun, tankou yon dezè.
Moun pa antre, moun pa sòti nan lavil la.
Etranje t'ap derespekte tanp yo mete apa pou Bondye a.
Moun lòt nasyon te pran sitadèl la pou yo.
Se la yo te moute kan yo.
Moun fanmi Jakòb yo pat konnen sa ki rele kè kontan ankò.
Ou pa te tande moun ap jwe fif ak gita ankò.
Jwif yo reyini lavil Mispa(2 Makabe 8.16-23)46Tout jwif yo reyini, epi yo moute lavil Mispa, anfas lavil Jerizalèm. Se la lavil Mispa nan tan lontan jwif yo te gen yon pozisyon kote yo te konn vin lapriyè.
47Jou sa a yo rete san manje, yo mete rad sak sou yo pou fè wè jan yo te nan lapenn. Yo voye sann dife sou tèt yo, epi yo dechire rad ki te sou yo.
48Yo dewoule liv Lalwa Bondye a pou yo chache ladan l konsèy moun lòt nasyon yo ta v'al mande estati zidòl yo.
49Yo pote rad prèt yo avèk yo, ofrann premye donn jaden yo ak yon dizyèm nan rekòt yo. Yo fè kèk nazirit ki te fini ak angajman ve yo vini ak yo tou.
50Yo lapriyè byen fò nan pye Bondye, yo di konsa:
— Sa pou nou fè ak moun sa yo? Kote pou nou mennen yo?
51Lènmi derespekte kote ki apa pou ou a, yo foule l anba pye yo. Prèt ou yo nan gwo lapenn, yo wont.
52Lòt nasyon yo mete tèt ansanm pou yo tonbe sou do nou, pou yo fini ak nou. Ou konnen sa yo vle fè nou.
53Si ou pa vin pote nou sekou, kijan pou n kenbe tèt ak yo?
54Lè yo fini, yo fè kònen twonpèt, epi yo pete rele byen fò.
55Apre sa, Jida mete chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
56Men, moun k'ap bati kay, moun ki te fenk fyanse, moun ki te fenk plante jaden rezen, ak moun ki prèt yo, li di yo tounen al lakay yo jan yo pèmèt sa nan liv Lalwa a.
57Lèfini, lame a sòti, l'al pran pozisyon sou bò sid lavil Emayis.
58Rive la, Jida di yo konsa:
— Pare nou pou batay la. Mete gason sou nou. Pare kò nou pou n'al goumen denmen ak moun lòt nasyon sa yo ki mete tèt ansanm pou yo vin atake nou, pou yo fini ak nou ansanm ak tanp nou mete apa pou Bondye a.
59Pito nou mouri mouri nou nan batay la pase pou nou rete la ap gade malè k'ap rive nasyon nou an ansanm ak kote nou mete apa pou Bondye a.
60Men, sa Bondye nan syèl la vle fè a, l'a fè l rive vre.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.