Jeremi 52 - 1998 Haitian Creole

Jerizalèm tonbe nan men lènmi(2 Wa 24.18; 25.7; 2 Kwonik 36.11-16; Jeremi 39.1-7)

1Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa li depòte yo lavil Babilòn ansanm ak tout moun ki te vin rann tèt yo bay wa Babilòn lan ak tout bon bòs atizan ki te rete nan lavil la.

16Men, li kite kèk moun nan mas pèp la ki pat gen anyen. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo okipe.

17Moun 2 Kwo 4.1-15; Jer 27.19,22 Babilòn yo pran gwo poto kwiv yo ki te nan Tanp Senyè a, ansanm ak sipò yo, gwo basin kwiv yo, yo kraze yo fè ti moso, yo pote kwiv la ale lavil Babilòn.

18Yo pran plat pou resevwa sann yo, pèl yo, kouto yo, gode yo, tas yo ak tout lòt bagay an kwiv yo te konn sèvi nan Tanp lan.

19Chèf lagad la pran dènye bagay lò, bagay lajan li jwenn: kivèt, recho, gode, plat pou mete sann, lanp sèt branch, bòl ak tas,

20de gwo poto yo, gwo basin lan ak douz estati towo ki te sèvi l sipò yo, ak kabwèt wa Salomon te fè fè an kwiv pou mete nan Tanp lan. Tout bagay sa yo te lou anpil, pèsonn pat konn pèz yo.

21De poto yo te parèy yonn ak lòt: yo chak te gen vennsèt pye wotè, se yon kòd dizwit pye longè ki pou ta fè wonn yo chak. Poto yo te vid nan mitan. Rebò yo te gen twa pous epesè.

22Sou tèt chak poto te gen yon blòk an kwiv sèt pye edmi wotè. Sou tout wonn tèt poto yo, te gen desen ti chenn makònen yonn ak lòt, ak anpil pòtre grenad plake sou yo. Tout te fèt an kwiv. De poto yo te parèy.

23Sou wonn tèt poto yo te gen san grenad antou, men antan ou anba ou te ka wè katrevennsèz grenad sèlman.

Yo depòte moun Jida yo Babilòn

24Lèfini, 1 Kwo 6.14,15; Jer 29.25 Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraya, granprèt la, Sefanya, adjwen li an ansanm ak twa lòt chèf ki la pou veye pòtay Tanp lan, li fè yo prizonye.

25Nan lavil la, li pran chèf ki te alatèt lame a ansanm ak sèt lòt otorite ki te toujou avèk wa a, ak sekretè kòmandan lame a ki te reskonsab pou pran moun nan lame a, ak swasant lòt grannèg. Tout moun sa yo te nan lavil la toujou.

26Neboucharadan pran yo, li mennen yo bay wa Babilòn lan lavil Ribla.

27Wa a fè bat yo, lèfini li fè touye yo lavil Ribla nan peyi Amat.

Se konsa yo te depòte moun peyi Jida yo byen lwen peyi yo.

28Men 2 Wa 24.12,14 kantite moun wa Nebikadneza te depòte: Nan setyèm lanne reny li a, li depòte twamil venntwa (3.023) moun peyi Jida.

29Nan dizuityèm lanne reny li a, li depòte witsantrannde (832) moun lavil Jerizalèm.

30Nan venntwazyèm lanne reny li a, Neboucharadan, chèf lagad la, te pran sètsankarannsenk (745) moun. Antou sa te fè katmil sisan (4.600) moun yo te depòte.

Wa Jojakim sòti nan prizon(2 Wa 25.27-30)

31Premye 2 Wa 25.27-30; Jer 22.24-30; 27.3; 37.1 lanne wa Evilmewodak pran pouvwa a lavil Babilòn, li fè pa Jojakim, wa peyi Jida a, li fè l sòti nan prizon. Lè sa a, Jojakim te gen trannsizan onz mwa, vennsenk jou, jou pou jou, depi yo te depòte l.

32Evilmewodak te sèvi byen avè l, li ba l premye plas nan mitan tout lòt wa yo te depòte lavil Babilòn tankou l yo.

33Li wete rad prizonye ki te sou Jojakim lan, li fè l vin manje sou menm tab avè l jouk Jojakim mouri.

34Chak jou, wa a ba li sa li te bezwen pou l viv, konsa, konsa, jouk li mouri.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help