1(2) Senyè, Sòm 41.4; Oze 6.1 pa pini mwen non lè ou fache!
Pa kale mwen lè ou ankòlè!
2(3) Gen Jan 12.27 pitye pou mwen, Senyè,
paske mwen santi m san fòs.
Geri mwen, Senyè,
paske m'ap deperi.
3(4) Lespri m boulvèse anpil, Senyè.
Pou konbe tan bagay sa a la ankò?
4(5) Tounen Sòm 30.9; 88.10-12; 115.17; Eza 38.18 vin delivre m non, Senyè!
Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m mouri.
5(6) Paske, Sòm 69.3 lè yon moun mouri li pa ka chonje ou ankò.
Pèsonn p'ap fè lwanj ou kote mò yo ye a.
6(7) Se Sòm 31.9; 88.9 fini m'ap fini afòs m'ap kriye.
Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs je m kouri dlo.
7(8) Figi m Mat 7.23; 25.41 fin rale afòs mwen gen lapenn.
Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m yo.
8(9) Wete Sòm 31.22 kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal,
paske Senyè a tande lè m'ap kriye.
9(10) Li Sòm 40.14 tande m lè m'ap rele nan pye li.
Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li.
10(11) Tout lènmi m yo pral wont, y'ap pè.
Se vre wi. Y'ap kouri fè bak.
Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.