Sòm 61 - 1998 Haitian Creole

SÒM 61 (60)Lapriyè pou mande pwoteksyon(1) Pou Sòm 55.1,2; 142.6 chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David.

1(2) Bondye, Sòm 18.2; 77.3 tande jan m'ap rele nan pye ou!

Koute lè m'ap lapriyè ou!

2(3) Kè m Sòm 14.6; Pwo 18.10 kase, mwen lwen lakay mwen.

M'ap rele ou.

Tanpri, mennen m al chache pwoteksyon

sou wòch kote mwen pa ka rive a.

3(4) Paske, Sòm 17.8; 23.6 se ou k'ap pwoteje m,

se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m yo.

4(5) Mwen ta renmen pase tout lavi m lakay ou.

Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.

5(6) Bondye, Sòm 21.4 ou tande pwomès mwen fè.

Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.

6(7) Mete Sòm 40.11 kèk jou sou lavi wa a:

Se pou l viv lontan lontan ankò.

7(8) Se Sòm 50.14 pou l gouvènen tout tan devan Bondye.

Bondye va fè l wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l.

8(9) Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou.

Chak jou m'a fè sa m te pwomèt ou a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help