Sòm 145 - 1998 Haitian Creole

SÒM 145 (144)Lwanj pou Bondye(1a) Se Sòm 99.5; 146.2 yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye.

1(1b) Bondye mwen,

wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa.

M'ap di ou mèsi tout tan tout tan.

2Chak jou m'ap di ou mèsi.

M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.

3Senyè a Sòm 48.1; Eza 40.28 gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre.

Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!

4Papa Det 3.24; Eza 38.19 va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè.

Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.

5M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs.

M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo.

6Y'a Sòm 78.4 di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou.

M'a rakonte jan ou gen fòs.

7Y'a Eza 63.7 fè tout moun chonje jan ou gen bon kè.

Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.

8Senyè a Egz 34.6; Sòm 86.15 gen pitye pou nou. Li gen bon kè.

Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!

9Senyè a Sòm 100.5; Mat 5.45 bon pou tout moun san patipri.

Li gen pitye pou tou sa li fè.

10Senyè, Sòm 19.1; 103.22 tou sa ou fè ap fè lwanj ou!

Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi!

11Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite.

Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa,

12pou Sòm 105.1 tout moun ka konnen jan ou gen fòs,

jan ou gouvènen avèk otorite.

13Gouvènman Sòm 10.16; Da 4.34 ou lan la pou tout tan.

W'ap donminen pou tout tan.

Senyè a ap toujou kenbe pawòl li yo,

Li bon nan tou sa li fè.

14L'ap Sòm 37.24; 146.8 soutni tout moun k'ap tonbe.

Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray.

15Senyè, Sòm 104.27,28 se sou ou tout moun ap gade.

Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.

16Ou louvri men ou,

ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.

17Senyè a Sòm 116.5 san patipri nan tou sa l'ap fè.

Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.

18Senyè a Det 4.7; Sòm 119.151; Jan 4.23,24; Jak 4.8 kanpe toupre moun k'ap rele l,

toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo.

19L'ap Sòm 31.22; Pwo 10.24; Jan 9.31; 1 Jan 5.14 bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen.

Li tande lè y'ap rele l, l'ap delivre yo.

20L'ap Sòm 97.10 pwoteje tout moun ki renmen l.

Men, l'ap detwi tout mechan yo.

21M'a Sòm 150.6 fè lwanj Senyè a ak bouch mwen.

Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa.

Se pou yo fè l tout tan tout tan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help