Pwovèb 22 - 1998 Haitian Creole

1Pito yo nonmen non ou an byen pase pou Lè Lè Jòb 20.19-23; Pwo 28.22; Am 5.11 w'ap peze yon pòv malere se lespri l w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l pòv.

Pawòl moun ki gen bon konprann

17Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a.

18L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou.

19Kounyeya, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Senyè a.

20Depi lontan, mwen te ekri bon pawòl sa yo pou ou. W'a jwenn anpil bon konsèy ak konesans ladan yo.

21Y'a Lik 1.3,4 fè ou konnen verite a jan li ye a. Konsa, w'a pote bon repons bay moun ki te voye ou la. Men yo:

— 1 —

22Pa Jòb 5.4; 31.21; Zak 7.10 pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal.

23Se 1 Sam 24.15; Pwo 23.11; Jer 50.34 Senyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo.

— 2 —

24Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.

25W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.

— 3 —

26Pa Pwo 6.1,2; 20.16 pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè.

27Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou.

— 4 —

28Pa Det 19.14; Pwo 23.10 janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo.

— 5 —

29Moutre m 1 Sam 16.21; 1 Wa 11.28; 12.6,8 yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help