1 Kwonik 22 - 1998 Haitian Creole

1Se konsa David te di:

— Se Sou reny li, peyi Izrayèl la ap viv ak ke poze, san danje ni malè.

10Se 2 Sam 7.13,14; 1 Kwo 28.6; Eb 1.5 li menm ki va bati yon tanp pou mwen. L'ap yon pitit pou mwen, mwen menm m'ap yon papa pou li. M'ap fè l toujou gen yon moun nan fanmi l wa pou gouvènen pèp Izrayèl la.

11Kounyeya, pitit mwen, se pou Senyè a, Bondye w'ap sèvi a, toujou kanpe la avè ou pou ou ka rive bati Tanp lan pou li, jan li te pwomèt ou sa.

12Mwen 1 Wa 3.9,12; Sòm 72.1 mande Senyè a pou l ba ou bon konprann ak anpil lespri, pou lè la mete ou chèf nan peyi Izrayèl la, ou ka toujou fè tou sa ki nan Lalwa Senyè a, Bondye ou la.

13Konsa, Det 31.6; 1 Kwo 28.7 tout bagay va mache byen pou ou si ou veye kò ou pou ou mennen bak ou dapre lòd ak regleman Senyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la. Mete gason sou ou, kenbe fèm! Pa kite anyen fè ou pè.

14Gade! 1 Kwo 29.4 Mwen bay kò m anpil traka pou m pare tout bagay pou Tanp Senyè a: twamil twasan (3.300) tòn lò, tranntwamil (33.000) tòn ajan, ak yon gwo kantite kwiv ak fè moun pa ka kalkile. M pare bwa ak wòch tou. Men, se pou ou fè pare toujou.

15Lèfini, w'ap jwenn anpil travayè, kantonye, moun pou taye wòch, chapant, ak anpil moun ki bòs nan tout kalite travay.

16Pou lò, lajan, kwiv ak fè, ou gen sa ankantite. Konsa, mete men nan travay la! Mwen mande pou Senyè a toujou kanpe la avèk ou.

17Apre 1 Kwo 28.1 sa, David mande tout chèf pèp Izrayèl yo pou yo ede Salomon, pitit gason l lan.

18Li Joz 21.44; 23.1; 2 Sam 7.1; 1 Kwo 23.25 di yo konsa:

— Senyè a, Bondye nou an, te toujou la avèk nou. Li fè nou viv nan lapè ak tout moun toupatou. Li lage nan men mwen tout lòt moun ki rete nan peyi a, kifè tout peyi a soumèt nèt devan Senyè a ak devan pèp li a.

19Kounyeya, se 1 Wa 5.3; 8.6 pou nou pran desizyon chache fè volonte Senyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. Pare kò nou pou nou bati Tanp Senyè a, Bondye nou an, pou nou ka mete Bwat Kontra Senyè a ak tout lòt bagay yo mete apa pou fè sèvis Senyè a ladan l.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help