1Nou menm moun peyi Galasi, ala sòt nou sòt! Kilès nou kite pran tèt nou konsa, nou menm ki te konnen tout ti detay sou jan Kris la te mouri sou kwa a?
2M'ap mande nou yon sèl kesyon: Lè nou te resevwa Lespri Bondye a, èske se paske nou te fè sa lalwa mande osinon sa lafwa mande?
3Ki jan nou fè egare konsa? Nou konmanse ak pouvwa Lespri Bondye a, kounyeya nou vle fini ak pwòp fòs kouray nou?
4Eske se pou gremesi nou te fè esperyans sa yo? Non, se pa vre, se pa ka pou gremesi.
5Lè Bondye ban nou Lespri l, lè li fè mirak sa yo nan mitan nou, eske li fè sa paske nou fè sa lalwa mande, osinon paske nou mete konfyans nou nan li lè nou tande Bòn Nouvèl la?
6Men
12Lalwa Lev 18.5; Wòm 10.5 pa gen anyen pou l wè ak lafwa. Okontrè, men sa ki ekri nan Liv la: Moun k'ap fè tou sa lalwa mande a va jwenn lavi ladan l.
13Kris Wòm 8.3; Det 21.23; 2 Kor 5.21 la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a.
14Sa te fèt konsa pou moun ki pa jwif yo te ka rive resevwa benediksyon Bondye te pwomèt Abraram lan gremesi Jezikri, pou nou tout te ka resevwa Lespri Bondye te pwomèt la, paske nou te mete konfyans nou nan li.
Lalwa ak pwomès Bondye15Frè m yo, mwen pral pran egzanp sou yon bagay ki rive chak jou: Lè yon moun fè testaman l byen fèt, pèsonn pa ka kase l, ni pèsonn pa ka ajoute anyen ladan li.
16Enben, Jen 12.7; 13.15; 17.7; 22.18; 24.7 Bondye te fè pwomès sa yo pou Abraram ak pitit pitit li a. Yo pat ekri: ak pitit pitit li yo, tankou si yo te vle pale sou anpil moun, men yo ekri: ak pitit pitit ou a. Yo t'ap pale sou yon sèl moun, moun sa a se te Kris la.
17Men Egz 12.40 sa mwen vle di: Bondye te fè testaman sa a, epi li te pwomèt li t'ap kenbe li. Lalwa a menm te vini katsantrant (430) an apre sa. Se sa k fè, lalwa a pa kapab kase testaman sa a, ni li pa kapab fè pwomès la tonbe.
18Paske, Wòm 11.6 si kado Bondye bay la te chita sou lalwa Moyiz la, se pa ta yon pwomès ankò kado a ta ye. Men, Bondye te bay Abraram favè sa a paske li te pwomèt li sa.
19Poukisa Wòm 5.20; Eb 2.2; Tra 7.38,53 yo te bay lalwa a menm? Yo te ajoute lalwa a pou l te ka fè nou konnen bagay ki kont volonte Bondye. Lalwa a te fèt pou l te la toutotan pitit pitit Abraram lan pat ankò vini, paske se pou li Bondye te fè pwomès la. Se zanj Bondye yo ki te bay lalwa, epi se yon nonm ki te sèvi entèmedyè.
20Lè yon moun pou kont li, li pa bezwen entèmedyè. Bondye pou kont li.
Poukisa Bondye te bay lalwa21Eske Wòm 8.2-4 lalwa Moyiz la kont pwomès Bondye yo? Men non. Si zanj yo te bay yon lalwa ki te kapab bay moun lavi, enben, lalwa sa a ta kapab fè Bondye fè moun gras.
22Men, Wòm 3.9-19; 11.32 Liv la di: Tout bagay anba pouvwa peche a. Konsa, moun ki gen lafwa, se yo ki va resevwa kado Bondye te pwomèt yo, paske yo te mete konfyans yo nan Jezikri.
23Anvan Gal 4.3; 1 Pyè 1.5 lè a te rive pou n te ka gen konfyans, lalwa te kenbe nou prizonye anba men l, jouk tan pou Bondye te devwale kalite konfyans sa a.
24Konsa, lalwa te reskonsab nou pou tann Kris vini dekwa lè nou mete lafwa nan Kris pou Bondye ka grasye nou.
25Deske Wòm 10.4 tan lafwa a vini koulyeya, nou pa soukont lalwa ankò.
26Se Jan 1.12; Wòm 8.17 paske nou gen konfyans nan Jezikri kifè nou se pitit Bondye.
27Nou Wòm 6.3; 13.14 tout, nou te resevwa batèm pou n te ka viv ansanm ak Kris la, nou mete sou nou kalite ki nan Kris yo.
28Kounyeya pa Wòm 10.12; 1 Kor 12.13 gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.
29Si Wòm 9.7 ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.