Ezayi 60 - 1998 Haitian Creole

Jerizalèm pral kanpe byen bèl ankò

1Leve kanpe! Ou pral klere tankou Mal 4.2; Ef 5.14 solèy.

Pouvwa Senyè a pral klere sou ou.

2Lòt nasyon yo nan fènwa,

yon nyaj kouvri lòt pèp yo.

Men limyè Senyè a pral leve sou nou!

Pouvwa li pral parèt sou nou!

3Nasyon Eza 42.6; Rev 21.24 yo pral kouri vin

nan limyè nou an.

Tout wa yo pral kouri vin

nan klète jou k'ap leve pou nou an.

4Voye Eza 49.18 je nou toupatou bò kote nou, gade sa k'ap pase!

Tout moun pa nou yo ap sanble, y'ap tounen lakay yo.

Pitit gason nou yo ap sòti byen lwen.

Moun ap pote pitit fi nou yo tankou ti bebe y'ap pote sou kote.

5Lè Sòm 34.5 n'a wè sa, n'a kontan nèt ale!

Kè nou pral bat, nou p'ap konn kote pou n mete kò nou!

Y'ap pote richès nasyon yo ban nou.

Y'ap sòti lòt bò lanmè, y'ap vin jwenn nou.

6Y'ap Jij 6.5; 1 Wa 10.1; Mat 2.11 ban nou kantite chamo ki sòti peyi Madyan ak peyi Efa.

Nou p'ap konnen kote pou n mete yo.

Moun ap sòti peyi Saba, chaje lò ak lansan.

Y'ap pwonmennen fè lwanj Senyè a toupatou.

7Tout Eza 56.7; Aje 2.7 mouton ak kabrit peyi Keda yo ap sanble lakay nou.

N'a gen belye mouton peyi Nebayòt yo pou fè sèvis.

N'a ofri yo pou boule sou lotèl mwen an. Sa va fè m plezi.

Senyè a va fè kay kote fòtèy li ye a vin byen bèl ankò.

8Ki tout moun sa yo? Y'ap plannen tankou yon nyaj nan syèl la,

tankou yon bann pijon k'ap tounen vin nan kalòj yo?

9Se Eza 2.16; 51.5; 55.5 yon bann bato k'ap sòti byen lwen, bato peyi Tasis yo devan.

Y'ap mennen moun pèp Bondye a tounen lakay yo.

Y'ap pote lajan ak lò ak yo ankantite,

pou sa sèvi lwanj pou Senyè a, Bondye nou an.

Paske Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te fè bèl bagay pou pèp li a.

10Senyè a Eza 45.1,13 pale ak lavil Jerizalèm, li di l konsa:

— Se moun lòt nasyon ki pral rebati miray nou yo!

Se wa yo ki pral sèvi nou domestik.

Nan kòlè mwen, mwen te pini nou.

Men, mwen gen pitye pou nou paske mwen gen bon kè.

11Pòtay Rev 21.25,26 nou yo ap rete louvri lajounen kou lannwit.

Yo p'ap janm fèmen, pou wa lòt nasyon yo

ka pote tout richès peyi yo lakay nou.

12Paske Zak 14.17-19 y'ap detwi tout nasyon ak tout wa ki pa vle sèvi nou yo.

Y'ap kraze peyi sa yo nèt ale.

13Y'a Eza 41.19 pote pi bèl pyebwa nan peyi Liban an,

pichpen, pye sèd ak bwadòm, lakay nou

pou dekore Tanp ki apa pou mwen an,

pou anbeli kote m rete a.

14Pitit Eza 14.1,2; 49.23; 62.2,4; Rev 3.9 moun ki t'ap maltrete nou yo va vin jwenn nou tèt bese.

Tout moun ki t'ap pase nou nan betiz pral ajenou nan pye nou.

Y'a rele nou lavil Senyè a,

Mòn Siyon ki pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.

15Mwen Sòm 47.4; Eza 65.18 p'ap vire do ban nou ankò.

Yo p'ap rayi nou. Nou p'ap rete san pèsonn pou vizite nou.

M'ap fè moun nou yo toujou kontan wè nou.

Y'a fè fèt de tit an tit.

16Lòt Jen 49.24; Eza 49.23 nasyon yo ansanm ak wa yo va pran swen nou

tankou yon nouris k'ap bay pitit li tete.

Lè sa a n'a konnen se mwen menm, Senyè a, ki sove nou.

Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen tout pouvwa a, ki delivre nou.

17M'a Eza 58.3 fè yo pote lò pou nou nan plas kwiv.

M'a fè yo pote ajan pou nou nan plas fè.

N'a gen kwiv nan plas bwa, n'a gen fè nan plas wòch.

Nan plas chèf ki t'ap peze nou yo, m'a mete chèf k'ap fè nou viv ak kè poze.

Nan plas chèf ki t'ap souse nou yo, m'a mete chèf k'ap fè sa ki dwat.

18Yo Eza 11.9; 26.1 p'ap tande moun fè mechanste nan peyi a ankò.

Moun p'ap devalize peyi a ankò, ni moun p'ap kraze l.

M'ap sèvi nou ranpa, se mwen menm k'ap pwoteje nou.

M'ap sèvi nou pòtay, n'a fè lwanj mwen.

19Se Eza 24.23; 30.26; Rev 21.23; 22.5 pa solèy la ki pral klere nou lajounen.

Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit.

Se mwen menm, Senyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan.

Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.

20Solèy Eza 35.10; Rev 21.4 nou an p'ap janm kouche ankò.

Lalin nou an p'ap janm disparèt.

Se Senyè a menm ki pral sèvi nou limyè pou tout tan.

Jou lafliksyon nou yo fini.

21Tout Eza 52.1; Eze 37.25 moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat.

Y'a rete nan peyi a pou tout tan.

Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo,

se mwen ki fè yo ak men mwen,

pou m ka fè tout moun wè pouvwa mwen.

22Fanmi Aba 2.3; Mat 13.31 ki pi piti nan mitan nou an pral gen mil (1.000) moun.

Fanmi ki pa vo anyen an pral tounen yon gwo nasyon.

Se mwen menm Senyè a ki p'ap mize fè sa, lè lè a va rive.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help